mardi 30 septembre 2008

Konbit Peyizan Ayisyen - Nòt Pou Laprès

Zakataw fè kaw , blègèdè w fè kèw ,nan ginen tande.Bravo pou travayè laprès ki ap travay nan peyi Dayiti san fòs kote. Konbit Peyzan Ayisyen di zafè kabrit dwe zafè mouton. Onè respè pou tout peyzan nan tout rakwen peyi a. Se avèk anpil lapèn Kobit Peyzan Ayisyen ap salye tout peyzan ki viktim anba plizyè siklòn ak inondasyon, ki pote ale tout sa yo te genyen. Konbit Peyizan Ayisyen mande tout peyizan ki pa viktim pou yo pote kole ak lòt peyizan nan peyi a ki pèdi tout byen yo. Pa bliye solidarite se chwal batay nou, se sèl mwayen nou genyen pou nou ka fè revandikasyon nou pase. Konbit Peyzan Ayisyen ak lòt sektè nan peyi a vle pwopoze pouvwa anplas la kèk lide ki ka ede peyi a.
Nan sans sa a, Konbit Peyzan Aysyien ap fè kèk rekòmandasyon ak pouvwa anplas la, nan lide pou amelyore sityiasyon peyizan nan tout peyi a.
1- Konbit Peyizan Ayisyen mande pouvwa anplas la pou l mobilize teknisyen agrikòl pou ede peyizan yo jwenn konesans pou rekòmanse travay latè.
2- Konbit Peyizan Ayisyen mande pou responsab nan Leta yo mete kanpe yon sistèm Mikwo Kredi pou prete peyizan lajan yon manyè pou yo rekòmanse envesti nan agrikilti.
3- Konbit Peyizan Ayisyen mande pou responsab yo kòmanse travay san pèdi tan nan basen vèsan yo.
4-Konbit Peyizan Ayisyen mande pou responsab nan Leta yo mete kanpe pwojè amenajman teritwa pou yon veritab jesyon tout espas nan peyi a, paske se move jesyon espas yo ki lakòz dezas sa yo..
5-Konbit Peyizan Ayisyen mande pou Leta fè aplike plan aksyon anviwonman an ak plan nasyonal gesyon risk ak dezas ki ekziste deja nan mete sou pye bonjan estrateji pou fè respekte prensip sa yo.
6-Konbit Peyizan Ayisyen mande otorite yo, fè kou yo konnen pou retabli kominikasyon ant tout depatman ki nan peyi a.
Konbit peyizan Ayisyen mande sipò tout sektè nan peyi a nan lide pou popilasyon an sispann krye. Konbit Peyizan Ayisyen mande Leta pran responsablite l nan bay priyorite ak 6 pwopozisyon nou yo. Pa blye, kaka je pa linèt. politik kraponay, politik ravèt pap mennen nou ankenn kote.Si nou vle sòti peyi a nan twou li ye a, sa a mande sakrifis nan tout sektè pou n ka vanse. Se nan tèt ansanm n ap ka defan n enterè nasyon an. Viv solidarite ant tout peyizan, Ayiti pap peri.
Jean Baptiste Ignace
Kòdonatè jeneral KPA
Thomas Gerard Fils
Kòdonatè adjwen KPA
Isaac Wilfrid
Pòt Pawòl KPA
Wolly-Anda Cedieu
Pòt Pawòl Les Productions Labapen

Aucun commentaire: