dimanche 7 juin 2009

MESAJ SENATÈ BOULOS NAN RANMASE 6 JEN 2009 LA

JODI A SE YON OBLIGASYON POU NOU FÈ SOLIDARITE AK ETIDYAN AK TRAVAYÈ K AP LITE POU YON LAVI MIYÒ NAN PEYI A : OUVRIYE K AP VIV NAN LAMIZÈ AK MALSITE PA GEN JÈVRIN POU YO KA TRAVAY KÒM SA DWA

Dirijan yo tèlmam enterese nan dechèpiye lajan ONA, lajan Petwo Karibe ak detounen èd imanitè, yo pa gen tan pou tande revandikasyon pèp la k ap fin trepase anba grangou klowòks-asid batri a.

Dirijan yo pa gen pwoblèm pou jwenn pakèt ak makòn milyon dola vèt pou bay kandida fofyèl Lespwa 3 fèy pwazon banbile nan eleksyon pike-kole. Men misèrere ak malsite travayè pa konsène yo.

Palman an vote salè minimòm 200 goud la pou wè kòman ouvriye ta rale yon souf ak fanmi yo. Otorite Leta pito fè mawonaj tan pou yo bay dizon yo sou vòt Palman an.

Men Kote Pwemye minis la ? Se pa yon kretyen vivan ou ye menm jan ak tout moun. Kote chofè kamyon an ? Ou se yon tèt mato k ap dòmi sou volan. Malfektè, sispann kabicha ! Ou pa wè ouvriye pa kapab bay pitit yo manje ni voye yo lekòl.

Pwemye minis, èske w kwè pou yon zafè 200 goud etidyan oblije pran lari, resewa kout baton, gas lakrimojèn epi riske vi yo anba bal mawon ?

Pwemye minis, lè yon malere redi di pou pitit li pase 12 lane sou ban lekòl pou rive nan Inivèsite, si l mouri pou 200 goud salè minimòm, pèsonn pap ka aksepte sa non, Madan Pierre-Louis. Se pa manman pitit ou ye tou, ou genlè pa konn doulè akouchman e dlo nan je manman ak papa pitit genlè pa briding ou.

Pou evite san pitit pèp la koule, pou pèmèt etidyan yo reprann aktivite yo nan Inivèsite a, mwen mande tout patwon patryòt sere ren yo kòm sa dwa pou bay 200 goud salè minimòm la, pou « pi ta pa pi tris », pou nou pa tonbe pi devan nan « Si m te konnen toujou dèyè »

Mwen mande tou pou Patwona ak tout Chanm komès yo chita ak Palman an ak Pouwa egzekitif la pou diskite sou mezi Leta dwe pran pou pèmèt yo sipòte chòk salè minimòm la, pou machin ekonomik la pa fware, pou krannkès ekonomi a pa kraze.

Nan sans sa a, fòk Leta ta sispann mete taks sou mas salaryal la, taks sou 200 goud la, fòk yo ta diskite zafè taks ONA ak OFATMA pou bese pwa l sou do patwon yo, san konte lòt mezi akonpayman tankou bese pri elektrisite ak taks sou Waf Pòtoprens la ki se pò ki pi chè nan Karayib la, malgre Ayiti se peyi ki pi pòv nan Amerik la. Konsa, patwon yo pap pèdi kontra, yo pap bezwen revoke ouvriye. Epi tou y ap kapab kreye plis travay nan peyi a.

Kidonk, mwen mande pou Egzekitif la pibliye vit e prese Lwa salè minimòm 200 goud la e chita san pedi tan ak Patwona a pou deside mezi akonpayman yo.

Patwon ki konprann soufrans pèp la, ann kole zepòl ak travayè yo pou rive ogmante pwodiksyon nan peyi a, ann kreye plis djòb pou jèn yo kapab viv ak diyite nan peyi a.

Konsa, n ap kreye plis richès, gato a ap vin pi gwo e n ap kapab pataje l pi byen ak tout pitit pèp la.

Aucun commentaire: