vendredi 31 juillet 2009

Bilten Meteyo Vandredi 31 Jiyè 09


Pou rive jouk 02 Dawou 09


SITIYASYON SINOPTIK NAN KARAYIB LA AK SOU ATLANTIK LA


Yon ond tropikal chita sou Sendomeng maten an. Pi fò selil ki gen lapli ak loraj ki mache ak ond sa, trouve’l sitou sou lanmè Karayib. Kèk aktivite lapli nan kèk zòn rete posib sou peyi d’Ayiti jodia ak demen.

PREVIZYON POU AYITI

- Tan an gen solèy ak kèk nyaj maten an;
- Ap gen nyaj de tanzantan nan fen jounen an ak nan aswè, sitou sou penensil Sid la ;
- Tanperati a ap yon ti jan bon nan lannwit ;
- Lapli ak loraj posib nan kèk zòn jodia ak demen sitou nan Sant, Latibonit, Lwès, Sidès, Sid ak Nip.


PREVIZYON POU PÒTOPRENS AK LÒT ZÒN KI BÒ KOTE’L YO

- Tan an gen solèy maten an;
- Ap gen nyaj nan fen jounen an ak nan kòmansman lannwit lan;

- Pi wo tanperati a ap rive pou jodia se 36°C , pi ba l’ap desan’n se 23°C;
- Gen chans pou lapli tonbe nan kèk zòn nan kòmansman lannwit lan.

Leve ak kouche solèy la pou pòtoprens

Jodia 31 Jiyè leve : 05 è 27 mn kouche :06 è 24mn
Samdi 02 Dawou leve : 05 è 27 mn kouche :06 è 24mn
Dimanch 03 Dawou leve : 05 è 27 mn kouche :06 è 23mn


Previzyon pou Lanmè a
Vandredi 31 Jiyè 09 pou rive 01 Dawou 09

Zòn kotyè Nò
Vandredi & Samdi

* Van an ap soufle nan sektè Ès- Sidès : 15-20 ne;
* Vag yo ap monte 4 – 7 pye ;
* Lanmè a ap yon ti jan ajite

Gòlf Lagonav
Vandredi & Samdi

* Van an ap soufle nan sektè Ès : 20-25 ne;
* Vag yo ap monte : 7 - 9 pye;
* Lanmè a ap ajite;
* N’ap mande vwalye yo, pou yo pran prekosyon nan lanmè a.

Zòn kotyè Sid
Vandredi & Samdi

* Van an ap soufle nan sektè ( Nò- Ès) Ès: 20 - 25 ne;
* Vag yo ap monte: 8 – 12 pye sitou nan laj;
* Lapli ak loraj posib sitou nan laj
* Lanmè a ajite;
* N’ap toujou mande kapitèn ti bato yo, pou yo pa rantre nan mitan lanmè .

Aucun commentaire: