dimanche 27 septembre 2009

Bilten Meteyo Dimanch 27 Sektanm 09

 

Pou rive jouk 29 Sektanm  09

 

 

SITIYASYON SINOPTIK NAN KARAYIB LA  AK SOU ATLANTIK LA

 

  • Mitan yon ond tropikal ap pran jodi a ak demen pou travèse tout rejyon Sid la. Li pa gen lapli ak kout loraj ki twò enpòtan ki mache avè'l.Malgre sa lè frèt ki enstab (move tan) ki rete nan kouch anba kapab ap bay kèk kout loraj pasipala ak lapli nan kèk zòn sou tout lil d'Ayiti aswè a.  

PREVIZYON POU AYITI

 - Tan an gen solèy tout kote;

 - Ap gen kèk nyaj k'ap pase nan syèl la aprè midi a ak nan kòmansman lannwit lan;

 - Tanperati a ap yon ti jan pi bon nanfen lannwit lan;  

 - Lapli ak kout loraj pasipala aswè a sitou nan rejyon Sid la.

 

   PREVIZYON POU PÒTOPRENS AK LÒT ZÒN KI BÒ KOTE'L YO

 

-    Gen solèy maten an;

      -     Ap gen nyaj k'ap pase nan syèl la aprè midi a ak nan kòmansman lannwit lan;

-    Pi wo tanperati a ap rive pou jodia se 35°C , pi ba l'ap desan'n se 23°C;

-          Gen fèb chans pou gen lapli ak kout loraj.

 

Leve ak kouche solèy pou pòtoprens

 

Jodia          27 Sektanm         leve  :  05 è 39 mn           kouche: 17 è  41 mn

Lendi         28 Sektanm         leve :   05 è 39 mn           kouche : 17 è 42 mn

Madi         29 Sektanm          leve :   05 è 40 mn           kouche : 17 è 39 mn

 

                                               

Previzyon pou Lanmè a

 

Dimanch 27 Sektanm pou rive 28 Sektanm 09 

 

Zòn kotyè Nò

  Dimanch& Lendi

v  Van an ap soufle nan sektè Nòdès: 10 - 15 ne;

v   Vag yo ap monte 3 – 5  pye;

v  Lanmè a yon ti jan ajite;

 

Gòlf Lagonav

 Dimanch& Lendi

v  Van an ap soufle nan sektè Lès:15- 20 ne;

v  Vag yo ap monte : 4 - 7 pye;

v  Lanmè a ap yon ti jan ajite;

 

Zòn kotyè Sid

Dimanch& Lendi

v  Van an ap soufle nan sektè  Lès: 15- 20 ne;

v   Vag yo ap monte :4-7 pye jodi a men l'ap rive jouk 8 pye lendi;

v  Lanmè a ap yon ti jan ajite;


Aucun commentaire: