vendredi 18 septembre 2009

Bilten Meteyo Vandredi 18 Sektanm 09

Pou rive jouk 20 Sektanm 09


SITIYASYON SINOPTIK NAN KARAYIB LA AK SOU ATLANTIK LA

Lè frèt epi yon zòn move tan kontinye ap enfliyanse meteyo Karayib Santral la . Sitiyasyon sa kapab bay lapli ak kout loraj pasipala sou Ayiti aswè a.

PREVIZYON POU AYITI
- Gen solèy maten an .
- Ap gen nyaj tanzantan aprè midi a ak nan aswè;
- Tanperati a ap bon nan aswè;
- Lapli modere nan kèk zòn ak kout loraj pasipala ap toujou kenbe sou depatman tankou Nòdès, Sant, Lwès, Sidès, Sid, Nip ak Grandans.

PREVIZYON POU PÒTOPRENS AK LÒT ZÒN KI BÒ KOTE'L YO
- Gen solèy maten an
- Ap gen nyaj k'ap pase nan syèl la aprè midi a ak nan kòmansman lannwit lan;
- Pi wo tanperati a ap rive pou jodia se 34°C , pi ba l'ap desan'n se 23°C;
- Gen chans pou gen lapli ak kout loraj pasipala aprè midi a ak nan aswè.

Leve ak kouche solèy pou pòtoprens:

Jodia 18 Sektanm leve : 05 è 38 mn kouche: 17 è 49 mn
Samdi 19 Sektanm leve : 05 è 38 mn kouche : 17 è 48 mn
Dimanch 20 Sektanm leve : 05 è 38 mn kouche : 17 è 47 mn


Previzyon pou Lanmè a

Vandredi 18 Sektanm 09 pou rive 19 Sektanm 09

Zòn kotyè Nò:
Vandredi & Samdi
* Van an ap soufle nan sektè Lès:10 - 15 ne;
* Vag yo ap monte 3 – 5 pye;
* Lanmè a yon ti jan ajite;

Gòlf Lagonav:
Vandredi & Samdi
* Van an ap soufle nan sektè Lès-Sidès:10- 15 ne ;
* Vag yo ap monte : 3 - 6 pye;
* Lanmè a yon ti jan ajite;

Zòn kotyè Sid:
Vandredi & Samdi
* Van an ap soufle nan sektè Lès-Sidès:10- 15 ne ;
* Vag yo ap monte : 3 - 6 pye;
* Lapli ak kout loraj pasipala se sa yo prevwa.
* Lanmè a yon ti jan ajite;

Aucun commentaire: