mardi 6 octobre 2009

Bilten Meteyo Madi 06 Oktòb 09


Bilten Meteyo Madi 06 Oktòb 09

Pou rive jouk 08 Oktòb 09


SITIYASYON SINOPTIK NAN KARAYIB LA AK SOU ATLANTIK LA



  • Yon kre chita kò'l nan pasaj la Mona maten an. Lapli ak loraj se sa nou toujou prevwa nan penensil Sid peyi d'Ayiti jodia.


PREVIZYON POU AYITI


- Tan an gen nyaj sitou nan penensil Sid jodia;


- Tanperati a ap bon nan fen lannwit lan;


- Lapli modere ak loraj posib jodia sitou nan Sidès, Sid, Nip, Sant ak Lwès.



PREVIZYON POU PÒTOPRENS AK LÒT ZÒN KI BÒ KOTE'L YO



- Tan an gen solèy ak kèk nyaj maten an;


- Ap gen nyaj k'ap pase tanzantan nan syèl la aprè midi a;


- Pi wo tanperati a ap rive pou jodia se 34°C , pi ba l'ap desan'n se 23°C;


- Gen chans pou gen lapli ak loraj nan aprè midi ak nan aswè.




Leve ak kouche solèy pou pòtoprens



Jodia 06 Oktòb leve : 05 è 41 mn kouche: 17 è 33 mn


Mèkredi 07 Oktòb leve : 05 è 41 mn kouche : 17 è 32 mn


Jedi 08 Oktòb leve : 05 è 41 mn kouche : 17 è 32 mn



Previzyon pou Lanmè a


Madi 06 Oktòb 09 pou rive 07 Oktòb 09




Zòn kotyè Nò


Madi & Mèkredi


v Van an ap soufle nan sektè Lès: 15 - 20 ne;


v Vag yo ap monte 4- 6 pye ;


v Lanmè a yon ti jan ajite;




Gòlf Lagonav


Madi & Mèkredi



v Van an ap soufle nan sektè Nòdès-Lès:15 - 20 ne ;


v Vag yo ap monte : 4-7 pye;


v Lanmè a yon ti jan ajite;



Zòn kotyè Sid


Madi & Mèkredi


v Van an ap soufle nan sektè Nòdès- Lès: 15 - 20 ne ;


v Vag yo ap monte : 4-7 pye;


v Lanmè a yon ti jan ajite.

Aucun commentaire: