samedi 3 octobre 2009

Bilten Meteyo Samdi 03 Oktòb 09


Pou rive jouk 05 Oktòb 09

SITIYASYON SINOPTIK NAN KARAYIB LA AK SOU ATLANTIK LA

  • Mitan yon ond tropikal ap pase pa twò lwen kot Sid Ayiti ta nan aswè ak pandan lajounen demen an. Lapli ak kout loraj rete posib sitou sou tout rejyon Sid la lè ond lan ap pase.

PREVIZYON POU AYITI

- Gen solèy ak kèk nyaj maten an;

- Ap gen nyaj k'ap pase nan syèl la aprè midi a ak nan kòmansman lannwit lan;

- Tanperati a ap bon nan fen lannwit lan;

- Lapli pasipala rete posib pou kèk depatman peyi a.

PREVIZYON POU PÒTOPRENS AK LÒT ZÒN KI BÒ KOTE'L YO

- Kèk nyaj ap pase nan syèl la maten an epi ap gen nyaj nan aprè midi;

- Pi wo tanperati a ap rive pou jodia se 34°C , pi ba l'ap desan'n se 24°C ;

- Gen chans pou gen lapli modere nan kèk zòn aswè a ak kout loraj sou tèt mòn yo.

Leve ak kouche solèy pou pòtoprens

Jodia 03 Oktòb leve : 05 è 40 mn kouche: 17 è 37 mn

Dimanch 04 Oktòb leve : 05 è 40 mn kouche : 17 è 36 mn

Lendi 05 Oktòb leve : 05 è 41 mn kouche : 17 è 35 mn

Previzyon pou Lanmè a

Samdi 03 Oktòb 09 pou rive 04 Oktòb 09

Zòn kotyè Nò

Samdi & Dimanch

v Van an ap soufle nan sektè Lès- Sidès: 10 - 15 ne;

v Vag yo ap monte 4- 6 pye jodia;

v Lanmè a ap yon ti jan ajite;

Gòlf Lagonav

Samdi & Dimanch

v Van an ap soufle nan sektè Lès:10 - 15 ne ;

v Vag yo ap monte : 4-7 pye;

v Lanmè a ap yon ti jan ajite;

Zòn kotyè Sid

Samdi & Dimanch

v Van an ap soufle nan sektè Lès: 10 - 15 ne ;

v Vag yo ap monte : 4-7 pye;

v Lanmè a ap yon ti jan ajite.

Aucun commentaire: