samedi 10 octobre 2009

Bilten Meteyo Samdi 10 Oktòb 09.

 

Pou rive jouk 12 Oktòb 09

 

SITIYASYON SINOPTIK NAN KARAYIB LA  AK SOU ATLANTIK LA

 

  • Yon zòn move tan (Ba presyon) chita nan Nò Repiblik Sendomeng li melanje ak yon ond tropikal mitan ond sa rive jouk nan sid Pòtoriko. Sitiyasyon sa kapab bay lapli ak kèk kout loraj pasipala sou lil la aswè a ak demen.

  

PREVIZYON POU AYITI

  - Gen bon tan maten an;

  -  Ap gen nyaj k'ap pase nan syèl  tanzantan nan aprè midi;

  - Tanperati a ap yon ti jan pi bon nan aswè;

  - Li posib pou gen lapli ak kout loraj sou kèk depatman ak nan zòn fwontyè yo aswè ak demen.

                                               

   PREVIZYON POU PÒTOPRENS AK LÒT ZÒN KI BÒ KOTE'L YO

 

      -    Tan an gen solèy maten an;

      -    Ap gen nyaj k'ap pase nan syèl la aprè midi a;

      -    Pi wo tanperati a ap rive pou jodia se 35°C , pi ba l'ap desan'n se 23°C;

-    Gen  chans pou gen  lapli pasipala ak kout loraj aswè a.

 

Leve ak kouche solèy pou pòtoprens

 

Jodia             10 Oktòb                  leve  :  05 è 42 mn          kouche:  17 è 30 mn

Dimanch        11 Oktòb                  leve :   05 è 42 mn          kouche : 17 è 29 mn

Lendi             12 Oktòb                  leve :   05 è 42 mn          kouche : 17 è 29 mn      

 

 

Previzyon pou Lanmè a

 

       Samdi 10 Oktòb  pou rive 11 Oktòb 09

 

 

Zòn kotyè Nò

 Samdi & Dimanch

v     Van an ap soufle nan sektè Nòdès: 10 - 15 ne;

v      Vag yo ap monte 3-5  pye ;

v     Lanmè a yon ti jan ajite.

 

Gòlf Lagonav

 Samdi & Dimanch

v     Van an ap soufle nan sektè Nòdès - Lès:15 - 20 ne ;

v     Vag yo ap monte : 4-7 pye;

v     Lanmè a yon ti jan ajite.

 

Zòn kotyè Sid

 Samdi & Dimanch

v     Van an ap soufle nan sektè Nòdès -Lès: 15 - 20 ne ;

v      Vag yo ap monte : 4-7 pye jodia;

v     Lanmè a  yon ti jan ajite.


Aucun commentaire: