vendredi 16 octobre 2009

Bilten Meteyo vandredi 16 Oktòb 09


Pou rive jouk 18 Oktòb 09

SITIYASYON SINOPTIK NAN KARAYIB LA AK SOU ATLANTIK LA

Yon ond tropikal chita sou lanmè Karayib nan zòn Sid Lil nou an maten an. Selil konvektiv ki mache ak ond sa trouve'l sou lanmè a. Kèk aktivite lapli ak loraj nan kèk zòn toujou rete posib sou peyi d'Ayiti aswè a.

PREVIZYON POU AYITI
- Tan an gen solèy ak kèk nyaj maten an;
- Ap gen nyaj tanzantan nan aprè midi ak nan aswè ;
- Tanperati a ap bon nan aswè;
- Gen chans pou gen lapli ak loraj aswè a sitou pou depatman : Sant, Lwès, Nòdès, Nò, Nòdwès ak Sidès.

PREVIZYON POU PÒTOPRENS AK LÒT ZÒN KI BÒ KOTE'L YO
- Syèl la gen kèk nyaj maten an;
- Ap gen nyaj k'ap pase nan syèl la nan fen jounen an;
- Pi wo tanperati a ap rive pou jodia se 34°C , pi ba l'ap desan'n se 22°C;
- Lapli modere ak loraj nan kèk zòn toujou posib aswè a.

Kantite lapli ki tonbe yèswa

Damyen: 4 mm, Delma 31: 2 mm, Montay nwa: 12 mm, Mòn jantiyòm: 2 mm, Okap: 35mm, Senlwidinò: 40 mm, Tyòt: 50 mm, kòt-de-fè: 16 mm,Tibiwon: 3mm.

Leve ak kouche solèy pou pòtoprens

Jodia 16 Oktòb leve : 05 è 44 mn kouche: 17 è 26 mn
Samdi 17 Oktòb leve : 05 è 44 mn kouche : 17 è 25 mn
Dimanch 8 Oktòb leve : 05 è 44 mn kouche : 17 è 24 mn

Previzyon pou Lanmè a

Vandredi 16 Oktòb pou rive 17 Oktòb 09

Zòn kotyè Nò

Vandredi & Samdi
* Van an ap soufle nan sektè Sidès - Sid : 10 - 15 ne;
* Vag yo ap monte 3- 5 pye ; y'ap rive jouk 4 – 6 pye samdi
* Lanmè a yon ti jan ajite.

Gòlf Lagonav

Vandredi & Samdi
* Van an ap soufle nan sektè Lès: 10 - 15 ne ;
* Vag yo ap monte : 3 – 5 pye, y'ap rive jouk 5 - 8 pye samdi
* Lanmè a yon ti jan ajite.

Zòn kotyè Sid

Vandredi & Samdi
* Van an ap soufle nan sektè Lès: 10 - 15 ne , l'ap vire Nòdès- Lès : 15- 20 ne samdi
* Vag yo ap monte : 3 - 5 pye, y'ap rive jouk : 5- 8 pye demen;
* Lanmè a yon ti jan ajite.

Aucun commentaire: