mardi 8 décembre 2009

Bilten Meteyo Madi 08 Desanm 09

 

                             Bilten  Meteyo Madi 08 Desanm 09

Pou rive  10  Desanm 09

 

 

SITIYASYON SINOPTIK NAN KARAYIB LA AK SOU ATLANTIK LA

 

  • Rejyon Karibeyèn nan toujou anba yon zòn bon tan maten an. Li posib pou gen ti  lapli sou Lil nou an aswè a.

 

 

PREVIZYON POU AYITI

 

   - Tan an gen solèy maten an;

  -  Ap gen kèk nyaj k'ap pase nan syèl la lè jounen an ap fini;

  - Ap gen bon tanperati pandan jounen an ak  lannwit lan ;

  - Gen chans  pou gen lapli aswè a nan depatman : Nòdès, Sant, Lwès, Sidès ak Sid.

 

PREVIZYON POU PÒTOPRENS AK LÒT ZÒN KI  BÒ KOTE'L YO

 

      -   Gen bon tan maten an;

      -  Ap gen  kèk  nyaj lè jounen an ap fini ;

      -   Pi  wo tanperati a ap rive pou jodi-a se 33°C , pi  ba l'ap desann se 22°C;

-  Li posib pou gen ti  lapli aswè a .

 

                                          

 Leve ak kouche solèy pou pòtoprens

 

Jodi-a          08   Desanm         leve  :  06 è 10 mn            kouche:  05 è 13 mn

Mèkredi      09   Desanm         leve :   06 è 11 mn            kouche : 05 è 13 mn

Jedi             10   Desanm         leve :   06 è  11 mn           kouche : 05 è 14 mn

                                       

 

Previzyon pou Lanmè a

 

Madi 08 Desanm  pou rive 09 Desanm 09

 

Zòn kotyè Nò

 Madi & Mèkredi

 

v  Van an ap soufle nan sektè Lès: 15- 20 ne;

v   Vag yo ap monte 5 – 7  pye;

v  Lanmè a yon ti jan ajite.

  

Gòlf Lagonav

Madi & Mèkredi

 

v  Van an ap soufle nan sektè Nòdès- Lès :15 – 20 ne;

v  Vag yo ap monte : 5 – 7 pye;

v  Lanmè a yon ti jan ajite.

 

Zòn kotyè Sid

Madi & Mèkredi

 

v  Van an ap soufle nan sektè Nòdès- Lès: 15 – 20 ne,

v   Vag yo ap monte : 5 - 7 pye;

v  Lanmè a yon ti jan ajite.


Aucun commentaire: