Follow by Email / Suivez nous par Email.-

mardi 22 décembre 2009

[Se pito mesaj de Titid a Ti Rene] ------- Message de fin d'annee 2009 du President Jean-Bertrand Aristide, Representant National de Fanmi Lavalas


Mwen pa konprann Titid guenlè pèdi tout nosyon Kominikasyon. Se drol pou yon moun li mesaj sa a, epi kouman pèp la pral konprann bagay sa yo. Mesaj la lou, long, san vitès et san enerji. Li plis sanble ak yon moun ki vle montre ke li save. Se pito mesaj de Jean-Bertrand Aristide a René Préval. La anko mwen pa kwè Pwezidan an guen tan pou ka li bagay sa yo. Sa fè pitye! Si mwen te konseye Aristid mwen tap dili fè silans. La anko eske li ka fè silans. Non misye nan prosè sou koripsyon nan teleko. Baz yo ap chache lavi nan INITE. Kidonk se mesaj dezespwa yon jeneral asyeje ki finalaman wè ke fort li ya ka tombe.

Cyrus Sibert

Date: 2009/12/22

- Message de fin d'annee 2009 du President Jean-Bertrand Aristide, Representant
National de Fanmi Lavalas

************ ********* ********* ********* ********* ******

(in Kreyòl)- New Year's message from President Jean Bertrand Aristide, 2010

Bòn Ane 2010 !

Sè m, Frè m,

Pandan kè nou ap bat sou kadans Mèm Amou an,
Minouche avè m kontan anbrase w fratènèlman
E swete w yon BON ANE ! BON ANE 2010 !

Gwo bo afeksyon ak tandrès pou ti moun yo!
Anpil lanmou pou jèn ki renmen pafen diyite!
Lè pafen diyite tonbe nan boutèy libète, li poze.
Lè l tonbe nan boutèy eksklizyon, li eksploze.
Si n pa sove diyite n, diyite n ap sove kite n.

Si n pa sove diyite n, diyite n ap sove kite n.

Nan lane 1804, pandan kannon libète
Tap chante libera lesklavaj an Ayiti,
Kolon ki bò isit an Afrik te deklare :
"Nèg pa gen diyite; yo pa merite libète.
Mete makak sou nèg san diyite sa yo."

Anplis kout makak pou kò esklav yo,
Kolon yo te taye yon bonèt makak
Pou eseye vire lolòy tout esklav yo.
Se te yon kokenn zam sikolojik pou
Vide konplèks enferyorite nan tèt yo.

Dapre kolon yo, konplèks enferyorite a
Ap fè esklav yo wont pwòp tèt pa yo.
Konsa, pap gen diyite pou akouche libète.

Bonèt makak sa a te kache yon pèlen ki gen 2 tèt :
1- Nèg ki admèt ou enferyè deja kondane pou
Mouri nan esklavaj ou nan eksklizyon an.
2- Nèg ki vle chèf e ki soufri konplèks enferyorite,
Deja tou ajenou pou sèvi kòm konze, san diyite.

Sèvo Tousen Louvèti ak Desalin, evidamman,
Pat janm kokobe anba konplèks enferyorite.
Byen vit, yo te dekouvri vye taktik kolon yo.

Tousen Louvèti te konn ensiste pou montre
Kijan diyite ka bay fòs pou akouche libète.
Ni Tousen Louvèti, ni Papa Desalin te ka redi :
Lè pafen diyite tonbe nan boutèy libète, li poze.
Lè l tonbe nan boutèy eksklizyon, li eksploze.
Si n pa sove diyite n, diyite n ap sove kite n.

Si n pa sove diyite n, diyite n ap sove kite n.

Anvan n gade kijan pou nou rive anpeche
Diyite n sove kite n nan ane 2010 sa a,
Ann fouye rasin diyite a ak linèt lasyans.

Sa fè preske 2 milyon ane
Depi sèvo moun evolye pou
Rive nan OMO ABILIS.

Omo abilis vle di moun abil.
Olye yo te mache sou kat pat,
Evolisyon sèvo yo te pèmèt yo
Mache sou 2 pye dèyè yo.

Konsa, pye devan yo vin sèvi
Kòm men pou fè zouti, manje…
Sèvo Omo Abilis pat lou ditou.
Li te peze anviwon 500 gram.

Pi ta, lè Omo Abilis te vin tèlman fò, fò
Nan kesyon mache sou 2 pye, yo rele l
An laten, OMO EREKTOUS, sa vle di,
Moun ki drese drèt pou mache sou 2 pye.
Sèvo Omo Erektous te rive nan 808 gram.

Lè sèvo l ogmante pou rive nan 1400 gram,
Yo chanje non l pou rele l OMO SAPIENS.
Omo Sapiens vle di moun saj, moun entèlijan.
Se yo menm ki te soti an Afrik, tonbe an Azi
Pou travèse an Amerik , rive bò lakay apye.

Yo te ka fè wout la apye paske lè sa a
Pat ko gen lanmè berig pou separe
Kontinan Azi ak kontinan Amerik.

Sa gen anviwon 30 a 15 mil ane
Depi yo te fè gwo vwayaj sa a apye.

Sèvo nou menm tou se sèvo Omo Sapiens.
Li 2 fwa pi lou pase sèvo chanpanze ak goril.
Menm si sèvo elefan pi lou pase sèvo moun,
Se akoz grosè kò elefan an, men se pa anyan
Devan pisans wòd pòte ki chita nan sèvo moun.

Nan dènye 10 zan anvan Premye Janvye 1804 la,
Yon seri savan tankou Galvani, Aldini, Volta,
Alexander von Humboldt… te fè anpil diskisyon
Sou pisans enèji elektrik ki nan kèlkeswa sèvo a,
Kit se sèvo yon moun, kit se sèvo yon zannimo.

Sa mennen n poze yon kesyon syantifik
Ki konekte dirèk dirèk ak diyite moun.
Kesyon an ?
Ki sa k fè gen yon kokenn diferans
Ant sèvo yon moun ak sèvo yon bèt ?

Repons :
Ni pou yon moun, ni pou yon bèt,
Dèyè sèvo a rele SEREBELOUM
E devan sèvo a rele SEREBROUM.

Nou redi: dèyè se SEREBELOUM
E devan sèvo a se SEREBROUM.
Men, nan sèvo bèt, serebroum nan
Ou byen devan sèvo a pa devlope.

Ò, bout devan an, se li menm menm ki katye jeneral
Rezonman, refleksyon, kalkil, konsyans, entèlijans…
Nan sèvo bèt, jan nou te di, sereboum nan pa devlope.
Nan sèvo moun, erezman, afè mache sou 2 pye a
Te jwe yon gwo wòl nan devlopman serebroum nan.

Ni sèvo esklav, ni sèvo kolon
Gen serebeloum ak serebroum.
Sonje, serebroum se devan an.
Sepandan, 400 zan esklavaj la
Fè nou poze anpil kesyon sou

Devlopman serebroum kolon yo.

Nan gwo evolisyon pou vin pi moun,
Sèvo esklav yo te pi an sante lontan
Pase sèvo kolon k te di yo siperyè yo.

Lè n fè radyografi krim kolon yo
Te fè pandan 4 syèk lesklavaj la,
Nou dekouvri aklè fonksyonman
Sèvo anpil kolon ki te psikopat.

Yon psikopat pa gen eta dam lè lap sasinen moun.
Kesyon moral, kè sansib, sa pa egziste pou li.
Si pou enterè pòch li, li santi fò l disparèt yon pèp,
Lap fèl e li pap gen ankenn lagratèl nan konsyans.

Se egzakteman lekontrè pou yon moun

Tankou Tousen Louvèti ki te konnen

Moun gen diyite e diyite egzije libète.

Premye Janvye 1804 la
Se yon revolisyon sèvo.
Wi, Premye Janvye 1804
Se yon revolisyon sèvo.

Sèvo esklav yo revòlte e
Yo di : Nou pa makak,
Nou pap mache a kat pat.

Nou pa makak, nou pap fè makak.
Nou pa bourik, nou pap bourike
Pou chwal galope sou po do n.

Donk, se diyite sa a menm ki te akouche fòs
Pou esklav yo te reyalize Premye Janvye 1804.
Jodia, 205 lane apre, ki sa k rete nan diyite sa a ?

Sè m, Frè m,
Jodia, 205 lane apre, ki sa k rete nan diyite sa a ?

Jèm diyite sa a toujou byen vivan
Nan san Pèp Ayisyen an, sepandan
Li disparèt nan san pi fò dirijan yo.


Si jodia endiyasyon ap toufe Pèp la,
Se paske Pèp la blese nan diyite l.
Kouto trayizon an pike li fon, fon.
E paske l gen diyite, li senyen anpil.
Deplis, odè imilyasyon an ap toufe l;
Sant eksklizyon an ap dekonpoze l.

Si mizè, grangou klowòks ak asid batri
Fè l ap kankannen nan dife chomay,
Se pa akoz parès jan yo abitye akize l.
Aletranje kòm lakay, Ayisyen toujou
Redi travay di, paske l gen anpil diyite.

Pi gwo sous mizè a se triyo sa a:
Kolon, nouvo kolon ak konze yo.
Konplo a se jouke pòv malere nan
Esklavaj modèn ou neoliberal la.

Gade nan ki eta Peyi nou an trouve l
Depi kidnapig 29 fevriye 2004 la !
Gade kijan tout pwomès lespwa
Tounen gwo pè souflèt dezespwa !

Nan bay egzibisyon de gidon,
Koripsyon fè salè minimòm
Tounen yon malè minimòm
Anba yon mizè maksimòm.

Malgre tou, paske l gen diyite,
Pèp la kontinye pwouve kijan
Li grangou men l pa ti grangou.

Se pousa li pap janm ka bliye
Lanmò Pè Jan Jis ak anpil lòt Ewo,
Disparisyon frè nou Lovensky,
Kalvè prizonye politik kap pouri
Nan prizon depi ane 2004-2005.

An 2006, Pèp la te vote pou retou.

Rezilta ? Trayizon. Pwen. Pwen ba.

An 2009, lè majorite a mande eleksyon lib,
Pouvwa a koule beton mepri nan zòrèy li

Pou l choute Pèp la ak yon awogans engra.

Otorite yo jete Pèp la tankou yon pil fatra.
Lajistis di : Otan ! Otan ! Pèp la gen rezon.
A ! Blag ! Ata jij pran kout pye revokasyon.

Kòm Pèp la gen anpil diyite, li fèmen pòt li
19 Avril ak 21 Jen pou montre endiyasyon l.
Sa l toujou vle se eleksyon e non seleksyon.

Men, pou rantre kouto trayizon an pi fon toujou,
Prezidan Préval fè seleksyon an san ankenn jèn.
Nan ane 2010 sa a, li pral fè lòt seleksyon pi rèd:
Pouvwa a boule limyè wouj Konstitisyon an aklè.

Lè pouvwa a boule limyè wouj Konstitisyon an,
Sa pa deranje etranje, men sa mete n pi andanje.
Diyite n oblije n ouvè je n pou n evite pi ta pi tris.

Blan yo te peye 12 milyon 500 mil dola ameriken
Ou ankò, 72% lajan ki te fè seleksyon 2009 yo.
Kounye a Blan yo dispoze peye 18 milyon dola
Pou kontinye fè lòt seleksyon nan ane 2010 sa a.

Konsa, nan menm lojik byen konte mal kalkile a,
Prezidan peyi a santi li alèz anba zèl cha blende,
Pou li blende Pèp Ayisyen ak boulèt seleksyon.

Ayiti anba yon lòt koudeta elektoral kote
Okipasyon cha blende, se ret kanpe la pou
Boulèt seleksyon gaye sèvèl yon Pèp ki
Pa gen ni dwa pou vote, ni dwa pou manje.

Sè m, Frè m,

Nan respè ak diyite, fòk gen moun saj ki di non !
Pou sove diyite Ayiti, fòk gen moun saj ki di non !
Pou pi ta pa vin pi tris, fòk gen moun saj ki di non !
Pou diyite n pa sove kite n, fòk gen saj ki di non !

Si tout koudeta elektoral ak koudeta kidnapig
Te rapòte Ayiti, jodia, mizè a pa ta vin pi rèd.
Si 500 zan eksklizyon ou apatay te rapòte Ayiti,

Jodia, nou pa ta toujou ap mare lafimen kriz,
Alòs ke n chita sou bon jan richès natirèl tankou
Lò, kwiv, iranyòm, boksit, ajan, poutzolan, mab…
Kabonat kalsyòm Payan sèlman depase $ 23 milya.
Rezèv petwòl la, san dout, pi plis pase sa nou kwè,
San konte nou menm menm ki se pi gwo richès la.

Lè a rive pou n fè rekonèt diyite tout moun.
Tout moun san distenksyon, pòv kòm rich,
Peyizan kòm moun lavil, analfabèt ou pa,
Tout moun konte. Fòk vòt tout moun konte.

Moun ki sivilize pa nan chen manje chen.
Nèg ki sivilize pa trete moun kòm chen.
Blan ki sivilize pa pran Ayisyen pou chen.

Kolon te lage chen dèyè Afriken
Pou kenbe mòde Nèg kòm jibye ;
Tousen pote mak chen mòde antrèt.
Desalin viktim gwo chen mechan.

Menm jan ak Zansèt yo,

Fòk Pèp la toujou refize
Kite mechan yo trennen l
Nan labou imilyasyon an.

Ochan pou chak Ayisyen ki kenbe
Bouji diyite a byen fèm nan men l.
Bouji diyite sa a dwe toujou evite
Van divizyon pou l ret tou limen.

Pèmèt mwen felisite tout manm

Fanmi Lavalas ki ret kanpe djanm
Pou n reyisi ak Pèp la, jamè san li.

27 ane nan prizon pat fè Mandela
Sikonbe nan tantasyon trayi Pèp la.
Viktwa final la se pou Pèp Ayisyen.

Vox Populi, vox Dei ! Sa vle di :
Vwa Pèp la se vwa Bon Dye !
Ochan pou nou tout ki solidè avè l !

Chapo ba pou solidarite 15 Jiyè a !
Bravo pou kokenn mobilizasyon
16 Desanm 2009 la ki se tròkèt la.

Nou pi plis. Nou pi sibi. Nou pi viktim.
Men, plis nou plis se mwens nap viktim.
Depi gen eleksyon lib, onèt, demokratik,
Nap ranpòte laviktwa pou nou sèvi Pèp la ;
Jamè pou sèvi ak Pèp la jodi, trayi l demen.

Sè m, frè m,
Lespwa fè INITE jodi a pou trayi demen.
Lespwa chanje non, men l pa chanje mèt.
Lespwa INITE se pran plis, pou trayi plis.

Rèv psikopat se itilize lajan Pèp la pou
Fè serebroum goumen ak serebeloum.
Lè serebroum goumen ak serebeloum
Sonje, se devan kap goumen ak dèyè
Pou psikopat yo sele Pèp la devan dèyè.

Rèv pa nou, se menm rèv Tousen Louvèti a ;
Kidonk, fè diyite bay fòs pou akouche libète.
Rèv pa nou, se menm rèv Jan Jak Desalin nan ;
Kidonk ofri lavi nou pou sove diyite n paske
Si n pa sove diyite n, diyite n ap sove kite n.

Si n pa sove diyite n, diyite n ap sove kite n.

Tousen Louvèti rete fidèl jis souf li fin etenn.
Papa Desalin bay san l pou l pa bay kou nan do.
Fidelite sa a soti dirèk dirèk nan sous diyite a.

Pou n pwoteje sous diyite sa a, fò n dedouble n.
E pou n dedouble n, fò n ogmante vitès sèvo a.
Pou ogmante vitès sèvo a, fò dòmi pa pote n ale.

Lè w nan fon somèy, sèvo a mache sou
Vitès DELTA ki ka bay 4 Hz chak segonn.
Lè w reveye je kale, tèt klè, ou tou limen,
Vitès sèvo a ogmante jiska 18 rive 30 Hz.
Lè sa a, ou nan yon vitès ki rele BETA.

Se ak vitès beta nou te debouche sou 16 desanm 1990.


An 2010, pa gen dòmi di nan delta pou somèy pote n ale.
Donk, fòn pase vitès beta pou n soti nan eksklizyon an
E leve flanbo diyite a lakay kòm aletranje chak jou pi wo.

Sè m, Frè m,

Pou kokenn wòl manman Ayisyèn jwe
Nan ba n tete lèt diyite depi n te ti bebe,
Pèmèt ke Minouche avè m prete vwa
Tout jèn fi, jèn jan ki sèvi ak pafen diyite,
Pou redi manman yo yon Bòn Ane espesyal.

Ou menm, Manmi cheri ki Okap, Okay, Jeremi,
Pòdepè, Fò Libète, Gonayiv, Ench, Jakmèl,
Miragwan, Sen Mak, Tigwav, nou di w Bòn Ane.


Yon lòt bèl woz Bòn Ane pou ou Manmi cheri
Ki nan Site Solèy, Lasalin, Bèlè, Solino, Matisan,
Gran Ravin, Kafou, Taba, Laplenn, Delma,
Petyonvil, Kenskòf, toupatou nan Pòtoprens.

Se pou pafen Bòn Ane 2010 la anvyi w,
Ou menm Manmi cheri kap viv aletranje.

Lè manman ap akouche yon pitit,
Sèvo l pwodwi yon chimi lanmou
Ke save yo rele OKSITOSIN.

Oksitosin nan fasilite akouchman,
Simante atachman pitit ak manman
E rann moun ki damou enseparab.

De menm, ant Manman Ayiti avè m,
Genyen yon dòz oksitosin espesyal ki
Rann nou enseparableman enseparab.

Kidonk, retounen jodi a,
Ou byen retounen demen,
Retou a ap fèt kanmenm
Pou n kontinye debouche
Anpil lòt bon pafen diyite
Nan lespri Mèm Amou an.

Annatandan ke lesepase
Gouvènman Ayisyen an
Rive isit, an Afrik di Sid,
M chwazi lang manman
Mandela a ki se isiXhosa,
Pou redi n:

Sizodibana ekhaya !
Randevou lakay !

Ngothando olunye!
Mèm Amou !

Dr Jean-Bertrand Aristide
Pretoria, Desanm 2009

Aucun commentaire: