samedi 23 janvier 2010

Enfòmasyon Konsila Ameriken nan Pòtòprens sou evakyasyon sitwayen ameriken

 

Enfòmasyon Konsila Ameriken nan Pòtòprens

sou evakyasyon sitwayen ameriken

 

Joint Information Center (JIC Haiti)

Sant Enfòmasyon Konjwen

 

·     Kounye-a, Anbasad Peyi Etazini nan Pòtoprens ap evakye sitwayen ameriken sèlman.

 

·     Yon timoun ki sitwayen ameriken ka vwayaje Ozetazini akonpanye de yon adilt (epi  moun sila-a pa oblije yon sitwayen ameriken).  Li pi bon si moun sa-a ta youn nan paran li yo, osinon yon manm nan fanmi li.

 

·     Se yon sèl moun (e moun sila-a pa oblije yon sitwayen ameriken) yo ap otorize akonpanye yon timoun ki sitwayen ameriken Ozetazini.

 

·     Si gen dezoutwa timoun ki sitwayen ameriken nan yon menm fanmi, se toujou yon sèl moun (e moun sila-a pa oblije yon sitwayen ameriken) yo ap otorize akonpanye yo Ozetazini.

 

·     Paran timoun ki sitwayen ameriken-an oblije bay moun kap akonpanye timoun nan yon papye ki di ke li otorize li vwayaje avèk timoun nan.

 

·     Paran timoun nan dwe dakò pou li remèt gouvènman ameriken lajan tikè pou ni timoun nan ni moun kap akonpanye li-a.

 

(Tèks la fini)

____________________________

 

          January 23, 2010

                                  No. 2010/04

 

Clarifications on evacuation procedures for U.S. citizens

 

Joint Information Center (JIC Haiti)

 

·        At this time, the U.S. Embassy in Port-au-Prince is evacuating only U.S. citizens. 

 

·        U.S. citizen children may travel to the United States with one non-U.S. citizen adult escort, preferably a parent or other family member.

 

·        Only one non-U.S. citizen adult will be allowed to escort the U.S. child to the United States.

 

·        Two or more U.S. citizen children in the same family can be accompanied by only one non-U.S. citizen escort.

 

·        Remember, parents of the U.S. citizen child MUST give formal permission for the named escort to accompany the child.

 

·        Remember, the parents of the child must agree to repay the United States government the airfare costs of both the child and the escort.

 

 (End of text)


Aucun commentaire: