mardi 9 février 2010

8 fevrier 10/ TOUT SA KI DI, TOUT SA KI FET sur le kiosque d infos du ministere de la culture et de la Communication.

POU DETAY
Jean Venel CASSEUS
Communicateur Social
(509) 34540501 (Haiti)
(718) 5772687 (USA)

1-
Dives Relijyon met tet ansanm pou priye pandan 3jou

Plizye responsab religye andedan peyi Dayiti tankou Pwotestan, Katolik, Vodouyizan, Mizilman Mason loj ak lot relijyon anko envite popilasyon an reyini yo nan laprye.

Yo deja fikse dat 12, 13 ak 14 fevrye 2 010 kom 3 jounen laprye ak refleksyon.

Chak dirijan relijye sa yo te pwofite esplike sans jes sa ki se pou yon jes solidarite men tou, yon mouvman ki montre menmsi nou pa nan menm relijyon, nou kapab met tet ansam an anfave peyi a.

Minis enfomasyon ak Kilti, Marie Laurence Jocelyn Lassegue kwe tet ansanm dives relijyon yo nan peyi atravè mouvman lapriyè a se yon ekzanp model tolerans.

2-
Gouvenman pra l pran mezi espesyal pou bay popilasyon abri

Nan yon rankont ak ajans entenasyonal epi bayè peyi Dayiti yo, Jean Max Bellerive premye minis Aysye, an, fè konnen Gouvenman an ap pran dispozisyon pou deklare kek teren zon itilite piblik.

Desizyon sa, selon sa ekip ministè kominikasyon ak kilti a rapòte, se yon manyè pou leta ka jwenn espas pou li ka monte abri pwovizwa yo.

(TEKS)

3 –
Prezidan Preval pral Ekwatè aprèmidi a

Prezidan Peyi a, Rene Preval ap pati apre midi lendi 8 fevriye a pou ale Ekwate. Prezidan Preval pra l ekspoze madi 9 fevriye a bezwen ak priyorite Ayiti apre katastwof tranblemandte 12 janye a.

Se prezidan peyi sa Raphael Correa ki envite chef Leta ayisyen an pale nan reyinyon chef leta ak gouvenman Inyon Nasyon Sid Amerikèn yo (UNASUR) yon oganizasyon ki reyini 12 peyi Amerik latin n nan.
(TEKS)

4 – EDH bezwen 40 milyon dola pou li reprann fòm li

Direktè jeneral EDH la, Serge Raphael, fè konnen yo déjà remete 13 sikwi sou rezo potoprens la an mach. Ki di donk 40% rezo sa ap fonksyone gras resous enstitisyon an te gen nan rezèv li epi koud men ki soti nan entènasyonal la.

Pou EDH reprann fom li annatandan plan rekonstriksyon an mesye Raphael fè konnen yo gen bezwen 40 milyon dola.

Aucun commentaire: