jeudi 11 février 2010

RESEAU CITADELLE PARTAGE AVEC SES ELECTEURS, SPECIALEMENT LES JOURNALISTES, DES INFORMATIONS ET SONS RECUS DU MINISTERE DE LA CULTURE.

AYITI TRANBLEMAN TE

1-

Mwa me se limit gouvenman an bay tet li pou chanje kondisyon lojman moun yo nan lari a


Soti jodi a pou rive mwa me, gouvenman ayisyen an, daprè strateji li, ap anmezi pou ofri yon milyon san mil moun ki nan lari a yon sitiyasyon pi akseptab pase sa yo ye jodi a, selon enjenyè Charles Clermont kap dirije sou komisyon abri pwovizwa yo.


Enjenyè Clermont eksplike sitiyasyon pi akseptab sa vle di bon kondisyon sekirite sinistre yo kont lapli, move maladi ak lot ankò.


Paralèlman enjenyè spesyalis stikti a fè konnen sou 200 mil tant yo solisite nan entènasyonal la se 49 mil 198 yap rive jwenn antou. Li presize gen 15 mil nan tant sa yo ki déjà sou plas.


Aprè randevou mwa me a, mesye Clermont fè konprann y`ap mete strikti an plas pou tabli lojman tranzisyon yo kap pèmèt abrite sinistre yo pandan 5 lane.


Charles Clermont (SON)


2-

12 fevriye : jounen komemorativ ofisyèl dèy an ayiti


Vandredi 12 fevriye kap vini la, gouvènman ayisyen an pran dispozisyon pou salye memwa tout viktim tranbleman tè mwa janvye a, selon minis enteryè ak kolektivite tèritoryal la, Paul Antoine Bien-Aime.


Nan lakou lekòl enfimyè inivèsite Notre Dame nan, Pako, divès pèsonalite nan leta a ak sosyete sivil la spesyalman sektè relijye a ap prezan pou yon seremoni relijyez ofisyèl ekimenik maten 12 fevriye a.


Minis Bien-Aime envite tout moun nan popilasyon mennen aktivite komemorativ pa yo nan sans solidarite nasyonal nou gen bezwen an.


Paul Antoine Bien-Aime (SON)


--
Jean Venel CASSEUS
Communicateur Social
(509) 34540501 (Haiti)
(718) 5772687 (USA)

Aucun commentaire: