mardi 14 décembre 2010

Communiqué de Presse de Michel Martelly CPBMM #17

Pèp ayisyen,

Avan ‘m komense, kitem di jan avan yè douz desanm, mwen te gen ou panse spesial e mwen sonje tout fanmi ki te pèdi fanmi yo, jou kite douz janvye an jou peyi d’Ayiti te pèdi pitit li nan tramblemen te nou konnen an, tout moune ki pedu mari yo, pitit yo, paran yo, zanmi yo , mwen sonje nou, mwen bese bien ba devan nou.

Pèp ayisyen ,pèp pa m nan, sa fè lontan mwen pa fè yon ti koze ak nou men jodi a avan mwen vin rakonte nou jan bagay yo ye, Avan mwen komanse, mwen tou pran okazyon pou mwen di mèsi ak tout moun ki te akonpaniye nou devan pòt chanjman-an : chòme yo, bredjen yo, jenès la, inivèsitè yo, peyizan yo, tikomèsan yo, tout machannyo, taxi moto yo, chofè taxi yo, lelit konsekan an, profesionèl yo, atis yo, atizan yo, rasta yo, profesè lekol yo, protestan yo, katolik yo, vodouyizan yo, tout lòt relijion yo, andikape yo, policier yo, fanm vanyan yo, ak tout tèt kale yo…

Se konsa, Madi ki te 7 desanm , lè yo pase demokrasy anba pie, lè yo piblye rezilta tout peyi di monn konteste avek nou an, mwen te santi m kontan ampil lè nou tout te fè yon sèl pou nou frape piye nou a tè pou nou di non ak rezilta malatchòn KEP a piblye a. Sòti nan pwent Tiburon rive nan tèt Podepè tout moun di sa’a pap pase.. A la yon bèl examp tèt ansamb nou rann omaj ak amblèm ki anba drapo nou. Men se pa nou sèlman ki te rele, map di peyi ki se zanmi Ayiti yo, mèsi dèske yo chwazi pou yo kore vwa pèp ayisien lè yo pwoteste kont rezilta de grèn gòch la, CNO, Ambassad peyi zanmi yo, RNDDH, Forum Economik Sektè prive a e la trye, tout moun di se pa posib.

Epi jodi a yap envite’m vin rekonte alòs ke yo pat janm byen konte, yo fè komisyon ak menm yo menm lan, yo pare tout pièj pou yo tou elimine nou nèt, yo bat tanbou yo, yo vle danse’l, epi yo vle nou vale yon bagay ke yo menm yo fè, yo vle rann nou responsab de magouy ke yo fè, de fo rezilta ke yo bay, a la traka papa, se sa yo rele demokrasi a, sa se la raj.

Mwen bese byen ba devan tout moun ki sibi pandan tout jou sa yo, sa ki mouri, sa ki lopital, sa ki pèdi zafè yo, sa pa nomal, nou gentan viktim pou nap sibi toujou, kè’m fè’m mal pou nou.

Zòt sezi ampil, nou te di yo atansyon, yo te pare kou yo, yo te di lap pase, yo wè pèp la di PA GEN SA PIYÈS!

Sa yo pa konprann, se pa revendikasyon kap fèt pou Michel Joseph Martelly, sèlman. Revandikasyon sa-a pi gran pase’m, se revandikasyon pou dwa granmoun nou, se revendikasyon ak konviksyon nou, se revendikasyon ki pèmèt ke jodia yon ti koukouy klere nan kokenn chèn fè nwa ki vlope peyi a, Revendikasyon pou yo respekte vot nou. Nou chwazi’m pou’m pote revendikasyon sa. Map di nou mèsi e m’fè sèman ke map pote’l e mwen pap trayi nou. Goumen an fèk komanse, nou pap bese ba.

Nou menm pèp nan Sid ke lanmò pa epanye, nou menm pèp nan Lwès ki te kwè nan chanjman, nou menm pèp Latibonit ki pa manje anyen ki frèt, nou menm pèp nan Nò, pèp nan Nò dwès, Nò Dès ak Plato Santral, nou ki konn kase chèn, pèp Grand-Ans, Nip, ak Sid-Ès, jèn gason ak jèn fanm Pòdepè, wi konpliman pou nou tout.

Jodia se devan’n, se devan tribinal pan’n lan, tribinal kote bagay yo klè, ke’m vin plede… Wi nou soufri twòp, e se poutèt sa ke mwen menm, Michel Joseph Martelly, vwa chanjman an, mwen chwazi pou’m bay peyi’m yon lòt chans, pou san sispann koule, pou kraze brize sispann, pou pye bwa boujonen, pou timoun al lekol, pou komesan kontinye travay, pou gen envetisè nan peyi a, pou’n sispann naje pou’n soti. Wi nou soufri twòp. Yo fin mete peyi a nan tchouboum epi yo vle fè viktim responsab zak a tou fè yo, ala traka papa!

Mwen panse ke 28 novanm magouy yo fèt kont tout moun, non selman kont pèp ayisyen an tout entiye men kont mwen menm, kont Céant, kont Maniga, kont Garaudy, Bijou, Wilson Jeudy, Alexis, Baker tout kandida ki te nan eleksyon an, tout moun rele anmwey, tout kominote entenasyonal la di bare, tout oganizasyon nasiyonal di se pa posib, e pèp ayisiyen an rele anmwey nan tout peyi a.

Alò devan tribinal pa’n lan, nan kad yon kompromi politik men sa map pwopoze:

te fèt kont tout moun, ke yo oganize dezièm tou 16 Janvye 2011 ak tout kandida yo. Kote moun ki devan an tou genyen anba sipèvizyon òganizm endepandan nasyonal ak entènasyonal.

2. – Sa pap ka fèt si yo pa pase yon bon men nan tout kò konsey elektoral pwovizwa, fòk on, fòk gen chanjman, paske yo pa fè moun sa yo konfians ankò, fòk yo mete lòt moun ki pa nan pas pouki, ki pap vann Se konsa, se konsa sèlman ke mwen kwè ke bagay yo ap ka reprann, ke konfyans ap ka retabli, ke peyi a ap ka reprann konfyans nan prosesis elektoral la, si sa pa fèt, mwen pa kwè ke moun kap soti nan pwochen eleksyon an ap gen lejitimite ak respè popilasyon an ni kominote entenasyonal lan.

Nan vre demokrasi chak grenn vòt konte paske nan yon peyi chak grenn moun se moun, e tout moun se moun.

Yo rele sa yon ti moral

Mwen te rete ouvè ak tout lòt pwopozisyon paske se enterè Ayiti ki konte, se kriz la ki ou rezoud. M’ankouraje tout lòt inisiativ nan menm sans lan. M’aprann ke otorite moral ak relijiez peyi a a fè konsiltasyon sou kriz lan. Mwen sipòte yo e mwen ankouraje yo.

Mwen te pwomèt nou mwen tap met tout moun klè. Jodi a tout moun a klè. Na wè sak bon, na konen sak pa bon .Nou wè ki lès kap defann enterè peyi a. Nou konn sa kap defann enterè pa yo. Twòp kòb gentan depanse nan eleksyon sa, kòb ki ta kab sèvi pou soulaje mizè pèp la, kòb ki ta kab sèvi pou kwape kolera, kòb ki ta kab sèvi pou moun sispann viv tankou bèt. Nou pa kab kontinye gaspiye. Alò annou gade kijan nou ka fe bagay yo vanse. Mwen kwè solisyon sa ka rezoud kriz lan. Rete veye, rete mobilize, nan la pè, disiplin ak lòd. Mèsi ampil men pa lage, pèp pa konn pèdi batay, sitou lè yap toupizi li, lè yap fèl injistis.

Mèsi, mèsi ampil.


Michel Joseph Martelly

Leader nou tèt kale
Repons Peyizan

Pòtoprens, 14 Desanm 2010

__________________

Bureau de Presse Campagne Michel J. Martelly

Contacts :

Leila Rusciani 37 33 37 17

Leilarusciani@gmail.com

Carine Beauvoir : 37 98 18 87
carine_beauvoir@yahoo.com

Aucun commentaire: