mardi 26 juillet 2011

Note de Presse du Bloc des Parlementaires du Nord et du Nord-Est

NOT POU LAPRÈS

Okap lendi 25 jiyè 2011

Blok Palmantè Nò ak Nòdès eksprime senpati yo a Prezidan Michel MARTELLY, Premyè Dam lan, Sophia MARTELLY ak tout moun ki te akonpanye yo Okap yè dimanch 24 jiyè a.

Blok Palmantè Nò ak Nòdès kondane ak tout fos li zak vyolans, zak lanse boutèy sou kotèj Prezidan Michel MARTELLY nan antre Lès Vil Kap Ayisyen.

Blok Palmantè Nò ak Nòdès raple tout sitwayen nesesite pou respèkte fonksyon Prezidan an. Atake ak kout boutèy kotèj Prezidan MARTELLY se siy entolerans ak irespè pou pi ot otorite Leta.. Sa pa fè lonè peyi a. LANSE BOUTÈY sou moun pa bon. Atitid sa yo se siy tou ki ka dekouraje lot moun vin ENVESTI LAJAN an Ayiti, envestisman ki dwe pèmèt plis moun jwenn travay.

Blòk Palmantè a ap mande otorite la polis ak la jistis pou mennen bon jan ANKÈT pou mete men sou LOTÈ ak KONPLIS zak sa yo, yon mannyè pou limyè fèt. Blòk Palmantè Nò ak Nòdès ap tou pwofite envite responsab Leta yo pa fè chas o sòsyè nan katye popilè yo.

Blok Palmantè Nò ak Nòdès ap fè tout moun sonje ke nou pap janm kapab rezoud dividal pwobèm peyi Dayiti yo, diferans nou genyen antre nou, nan IRESPÈ ak nan VYOLANS. Tolerans, antant, negosyasyon se vrè WOUT pou mennenn mete kanpe yon gouvènman avèk pou prensipal misyon mete AYITI sou ray devlopman e chanje KONDISYON LA VI MOUN.

Pou fini Blok Palmantè Nò ak Nòdès ap ankouraje tout tout ayisyen travay nan tèt frèt.

Viv yon Ayiti kote DWA TOUT MOUN RESPÈKTE anba drapo Libète-Egalite-Fwatènite!

________________________

Dr Kély C. BASTIEN, Senatè


Aucun commentaire: