lundi 21 mai 2012

Cyrus Sibert ap reponn Depite Gluck Théophile (Limonad e) ki, menm jan ak Cacique Guacanagari, panse ke yon lame pou defann Ayiti pa yon nesesite. Nou ka kontinye konte sou etranje.

Cyrus Sibert ap reponn Depite Gluck Théophile (Limonade) ki, menm jan ak Cacique Guacanagari, panse ke yon lame pou defann Ayiti pa yon nesesite. Nou ka kontinye konte sou etranje.

Depite Gluck Théophile, 

Cyrus Sibert di:  Ou pa serye si wap mande sepou peyi-a fini regle tout bagay apre pou'l guen yon lame. 

Map repete'l: Ou konnen trè byen ke la defans fè pati integrant tout leta. Yon leta dwe kreye ak organ defans li, kap evolye an fonksyon mwayen ekonomik ak sosyal peyi a. Se demagojik pou wap mande sepou yo fini regle tout bagay avan peyi a guen fos defans li. 

Mwen di, ou konnen trè byen sa wap di-a sepa vre, se paske ou guen kompayi sekirite ki fè wap di bagay sa yo. Paske insekirite guen lajan ladan'l pou moun ki guen konpayi sekirite ka jwen kontra. 

Mwen di, Toussaint, Dessalines ak Christophe pat di sepou esklav yo fini guen lekol, guen lopital, guen lajan avan yo kreye yon lame endijèn. 

Mwen di, aprè endepandans, yo pate di sepou yo fini devlope ekonomi peyi a, bati lopital ak lekol avan yo mete Fort tout kote nan peyi a pou pwoteje fwontyè yo. 

Mwen di, Ayiti kapab konmanse remete sou pye yon enstitisyon pou travay sou defans, chache konnen sa Dominiken ap fè sou frontyè a, konbyen solda yo guenyen, ki dosye moun kap dirije yo, ki zam yo guenyen, koman yo opere,... 

Mwen di, Ayiti ka koumanse mete solda sou frontyè-a pou bay sekirite kontrole zam laguè. Mwen di ou konnen ke chak peyi guen fos defans yo swivan lajan yo. Caonabo te defann tè li ak sa li guen, Cacique Henry te fè menm bagay, zansèt nou yo (esklav) te goumen ak sa yo guenyen (poison, manchèt, pyèj, marronaj,...)

Mwen di, tout nèg politik kap di yo pa vle lame se paske yo guen gwoup nèg ak zam pou ede yo pran pouvwa, yo bezwen sa rete konsa pou yo toujou enpoze volonte yo ak fos zam. 

Mwen di, nou konnen ke peyi a plen nèg ak zam kap simen laterè chak jou. Nou pa janm fè anyen pou peyizan guen sekirite ni ranfose lapolis nasyonal (PNH). Nou pa montre nap chache ranforse sekirite. Kidonk, bagay esplikasyon tèt chat pou montre peyi-a paguen mwayen pou fè lame, se demagoji pou mete pèp la nan konfizyon.

Pou fini, Cyrus Sibert di : Si militè yo regwoupe tèt yo nan yon seri de baz (bay tèt yo yon adrès), se paske yo vle diskite. Yo pap chache konfrontasyon vre. Gouvènman an te dwe profite regle problèm lan. Mwen di si militè yo te vle vyolans yo tap ale nan morn menm jan sa konn fèt nan tout peyi kote guen rebèl epi yo tap bay anpil problèm paske konfiguirasyon teren Ayiti difisil anpil. Leta paguen moyen pou mennen operasyon sou teren difisil tankou Pilboro. Mwen bay ezanp sak te pase Pernal sou Aristide. 

Mwen di depi lame kraze, militè sa yo toujou sou teren an kote yo kite gwoup politik manipile yo. Gouvènman an pa dwe kwè ke kouri deyè yo pral rezoud problèm lan. Yo ka tonbe nan men moun ki guen move lide tankou kriminèl, trafikan drog, gwoup politik entènasyonal kap chache vyolans an Ayiti pou objektif politik yo.

Depite Gluck Theophile, mwen wè konnyè a ou tonbe nan entimide moun. Sa ka bay yon lide sou sityasyon moun nan Limonade Katye Morin. Ebyen frè'm, ou paka entimide'm. 

Cyrus Sibert, Okap, Ayiti
____________________
"La vraie reconstruction d'Haïti passe par des réformes en profondeur des structures de l'État pour restaurer la confiance, encourager les investisseurs et mettre le peuple au travail. Il faut finir avec cette approche d'un État paternaliste qui tout en refusant de créer le cadre approprié pour le développement des entreprises mendie des millions sur la scène internationale en exhibant la misère du peuple." Cyrus Sibert
Reconstruction d'Haïti : A quand les Réformes structurelles?
Haïti : La continuité du système colonial d'exploitation  prend la forme de monopole au 21e Siècle.
WITHOUT REFORM, NO RETURN ON INVESTMENT IN HAITI (U.S. Senate report.)

Aucun commentaire: