lundi 29 octobre 2012

Ayiti ap antre nan lè ivè a apati dimanch 4 Novanm 2012 la

par Michel Martelly, 


Pòtoprens, lendi 29 Oktòb 2012 : Biwo Kominikasyon Prezidans lan ap fè tout popilasyon an ak laprès pi espesyalman konnen : dapre dispozisyon ki te pran nan Arete prezidansyèl mèkredi 7 Mas 2012 la pou chanje lè peyi a dapre sezon yo vin tounen yon desizyon k ap kenbe nèt ale.

 

Konsa, lè peyi a ap gen 60 minit k ap soti sou li apati 2 zè nan maten chak premye dimanch mwa Novanm, sa vle di pou dimanch 4 Novanm k ap vini la a epi apre sa, l ap fè yon avans 60 minit chak dezyèm dimanch mwa Mas.  Se yon desizyon k ap kenbe jouk gen yon lòt desizyon ofisyèl ki ta vin chanje l.

 

Biwo Kominikasyon Prezidans lan envite tout popilasyon an pou yo konpòte yo dapre nouvèl dispozisyon sa yo nan lide pou yo pa gen okenn kontraryete nan aktivite y ap mennen chak jou yo.


____________________

RESEAU CITADELLE : LE COURAGE DE COMBATTRE LES DEMAGOGUES DE DROITE ET DE GAUCHE , LE COURAGE DE DIRE LAVERITE!!!
"You can fool some people sometimes, 
       
      
     But you can't fool all the people all the time."
 (
 
      
Vous pouvez tromper quelques personnes, parfois, 
       
      Mais vous ne pouvez pas tromper tout le monde tout le temps.
    
   
   ) dixit Abraham Lincoln.

Aucun commentaire: