samedi 20 juillet 2013

Analiz Kronolojik sou lanmò Serge Joseph la !

Jij Jean Serge Joseph ki tap travay sou yon dosye ki gen rapo ak mamb pouvwa ekzekitif la mouri nan lopital Bernard Mevs le 13 Jiyè 2013. Nou prezante kondoleyans nou bay fanmy Jij Jean Serge Joseph. 

Lè jounalis tal chache enfomasyon e poze kesyon doktè lopital Bernard Mevs yo di nan laprès ke se yon aksidan selebro vaskilè hemorajik ki touye jij Jean Serge Joseph. Jodia akoz de ampil deklarasyon tèt amba san pwèv kap fèt genyen ampil konfizyon sou dosye lanmo sa. Pou yon seri de moun yap esaye pwofite de konfizyon sa pou konstwui kapital politik yo pase yo ede chache laverite. Moun sa yo ap peze akseleratè pwopagand lan san pèson pa fè oken jefo pou detèmine e ankète sou sak pase jan demokrasi a mandel. Mwen fè ankèt pa mwen sou baz sakap di e men rezilta yo. Nan rezilta sa yo gen ampil kesyon ki merite repons. Anvan ke nou komanse pataje rezilta yo, map di nou ke pèson poko konnen si jij Joseph mouri natirèlman de yon maladi osinon si yo touyel paske otopsi ko jij la poko fèt. An jeneral se otopsi ki bay detay sou sak lakoz ke yon sitwayen mouri. Ann gade ansanm gwo deklarasyon ak lot aktivite ki antoure lanmo sa:

Desamb 2012 jij Jean Serge Joseph te sibi yon gwo operasyon medikal an Ayiti se doktè Dr. A. H. ki fè operasyon selon sak di (sa poko verifye)
2 Jiyè 2013: Desizyon Jij Jean Serge Joseph convoquant des hauts fonctionnaires de l'état: (sa verifye)http://www.mixcloud.com/radiokiskeya/défunt-juge-jean-serge-joseph-140713-déclaration-fait-le-2-juillet-2013/ 
9 Jiyè 2013 rankont ant Jij Jean Serge Joseph e Dwayen Tribinal Svil la Me Raymond Jean Michel nan yon restoran Potoprens (sa verifye)http://radiokiskeya.com/spip.php?article967 
11 Jiyè 2013 date prezime ke Samuel Madistin bay nan radyo kote san pwèv li deklare ke te gen yon reyinion ant Prezidan Premye Minis, Jij Joseph, Minis Sanon ak Me Gary Lissade nan kabinè Lissade (sa se spekilasyon, sa poko verifye)
Vandredi 12 Jiyè Prezidan Mately pati pou Orlando pou repon a yon envitasyon NAACP (sa verifye) http://www.metropolehaiti.com/metropole/full_poli_fr.php?id=22276
Vandredi 12 Jiyè nan apre midi jij Jean Serge Joseph ki gen 58 lane daj soti Lestè Latibonit pou rantre Potoprens. (sa verifye Ref Me Fevry Signal FM)
Nan lannwuit la li pa santil byen, Samdi 13 Jiyè a 3hres di maten yo menen li nan yon eta kritik nan lopital Bernard Mevs (sa verifye enfomasyon lopital Mevs)
Samdi 13 Jiyè a 3:10 p.m. website Edens Debas ki rele Tout Haiti anonse sou gwoup VINOUSH san pwèv ke jij Joseph nan koma akoz de presyon dirèk ke Prezidan Martelly ak Premye Minis Lamothe fè sou li. (sa verifye, piblikasyon website Vinoush)
Maglre tout jefo doktè yo pa reyisi sovel, li mouri Samdi 13 Jiyè a 8hres diswa sa vle di 17hres tan apre ke li rantre lopital la (sa verifye, enfomason lopital Mevs)
Diman 14 Jiyè a 1h du maten sa vle di 5hres tan apre ke jij Jean Serge Joseph mouri Edens Debas ak website li Tout Haiti san yo pa pale ak oken doktè lopital Mevs, san oken pwèv akize Martelly-Lamothe kom responsab lanmo jij la sou mailing list HaitiConnexion. Nouvèl sa gaye nan tout lari potoprens e nan diaspora a. Se konsa ke matrakaj politik la te komanse (sa verifye sou HaitiConnexion)

Dimanch 14 Jiyè apre ke bwui san pwèv sou kilès ki touye jij la ke Edens Debas ak Tout Haiti fè kouri toupatou, kèk jounalis monte nan lopital Mevs la pou al chache konnen ki rezon medikal ki fè ke jij Joseph mouri. Sou baz enfomasyon Edens Debas yo, kesyon jounalis yo tap poze montre ke san verifye yo te aksepte e repete fo nouvèl ak montaj Edens Debas e ekip li Tout Haiti (sa verifye)

Dimanch 14 Jiyè Me. Samuel Madistin deklare ke jij Joseph tap recevwa presyon nan men gouvènman Matelly a. Li deklare tou ke te gen yon reyinion ant jij Joseph, Prezidan Matelly, Minis Jistis la, Dwayen Tribinal Sivil la, Premye Minis la, e Me. Garry Lissade nan kabinè. Reyinion lan yo di te fèt nan kabinè Lissade. (deklarasyon fèt sou pluriel men nou pa gen mwayen verifye si deklarasyon Madistin yo chita sou verite) http://www.youtube.com/watch?v=pSYJPmZ8SXY&feature=youtu.be&noredirect=1 
14 Jiyè a travè yon not protestasyon Me Gary Lissade demanti fo enfomasyon Me Samuel Madistin ki te fè konnen ke te gen reyinion ak jij Joseph (not la disponib) http://www.slideshare.net/Stanleylucas/note-de-protestion-de-me-garry-lissade
Lendi 15 Jiyè Lopital Mevs soti yon kominike poul di ke lopital la pat jamen oganize yon konferans pou laprès jan yon seri de moun deklare'l. (sa verifye) http://lenouvelliste.com/article4.php?newsid=119156

Lendi 15 Jiyè sou radyo Magik Minis Jistis la ak Dwayen Tribinal Sivil la demanti nouvèl ki fè konnen ke yo te ale nan yon reyinion ak jij Joseph nan kabinè Lissade. Pot pawol Prezidan lan Lucien Jura demanti e rejete akizasyon sa ke Madistin fe. Men'm jou sa jounalis Valery Numa konfime ke te gen yon reyinion ant jij Joseph e mamb gouvènman san li pa bay sous la. (deklarasyon sou radyo Magik la verifye) http://lenouvelliste.com/article4.php?newsid=119063

15 Jiyè, Depite yo nommen yon komisyon ankèt sou lanmo jij Joseph ki gen ladanla Sadrac Dieudonne Prezidan, Amyot Francois ak Gluck Theophile kom mamb (sa verifye)
17 Jiyè Senatè yo monte ton komisyon ankèt sou lanmo Jij Joseph. Komisyon gen ladanl Westner Polycarpe, Steven Irvenson Benoit, Pierre Francky Exius, John Joel Joseph, Francois Anick Josephhttp://www.alterpresse.org/spip.php?article14881#.UenO5b-trL8
17 Jiyè, Ketly Juilen enfome laprès ke pouvwa Ekzekitif la tap fè presyon sou jij Joseph http://metropolehaiti.com/metropole/full_une_fr.php?id=22288

Mèkredi 17 Jiyè sou radyo Signal FM Prezidan Matelly deklare ke li pa gen anyen pou wè ak Lanmo jij Joseph. Prezidan Matelly prezante kondoleyans li bay fanmi jij Joseph. Prezidan Martelly pa konnen jij Jean Serge Joseph paske li pa jamen rankontre avèk li. Prezidan deklare tou ke dosye a pat nan men jij Joseph anko paske avoka defans yo te fè apèl a desizyonl. Kidonk dosye a te gentan transfere nan men 3 lot jij. Prezidan lan di poukisa yo ta al fè presyon sou yon jij ki pat gen dosye a nan menl. (Deklarasyon sa yo fèt sou radyo Signal FM) http://signalfmhaiti.com/index.php/podcast/l-invite-du-jour/767-l-invite-du-jour-le-president-joseph-michel-martelly-repond-a-tamara-orion-et-elysee-jean-baptiste
17 Jiyè Konsey Siperyè Pouvwa Jidisyè (CSPJ) decide pou li louvri yon ankèt (sa verifye) http://metropolehaiti.com/metropole/full_une_fr.php?id=22292
Jedi 18 Jiyè Me Samuel Madistin ekri yon lèt fomèl komisè gouvènman ki devan tribinal de premye enstans. Gen yon pati desa li mete nan plent lan ki diferan de sa li di nan televizyon Pluriel. VIDEO: Me Samuel Madistin sur Tele Pluriel (Chaine 44) #Haiti SANS DETOUR 14 JUILLET 2013:http://t.co/ytsGWb3n4e @youtube @jacquiecharles


Mwen men'm mwen panse gen 3 teori sou kesyon sa. Premye teori a eske jij la mouri de yon lanmo natirèl sa vle di de maladi li? Eske gen mwayen verifye si jij Joseph te gen 58 lane te sibi yon operasyon medikal gen kèk mwa? Eske li simpleman posib ke li mouri natirèlman e Edens Debas ak zanmi li yo politize dosye a? Dezyèm teori a eske yo touye'l? Nan konsiderasyon sa gen 2 posibilite. Premye posibilite a se gouvènman lan ki fè touyel. Nan Teori se gouvènman ki fè touyel wap mande tèt ou pou ki rezon? Paske dosye a te gentan transfere nan men 3 lot jij akoz de apèl ke avoka defans yo te fè kidonk dosye a pat nan men jij Jean Serge Joseph anko. E dènye posibilite a se moun kap pote akizasyon yo ki responsab lanmo jij Jean Serge Joseph. 

Mwen pa gen repons a kesyon sa yo. Jodia jounalis ki pa aktè politik e lajistis ta dwe fè ampil jefo pou ankète e jwen repons a kesyon sa yo e dekouvri kilès nan 3 teori yo ki verite. Pou le moman mwen konstate ke gen plis spekilasyon ke ankèt. Nou espere ke Otopsi a pral pote bonjan enfomasyon ka pèmèt nou tout wè pi klè.


Publié par RéseauCitadelle,
____________________

RESEAU CITADELLE : LE COURAGE DE COMBATTRE LES DEMAGOGUES DE DROITE ET DE GAUCHE , LE COURAGE DE DIRE LAVERITE!!!
"You can fool some people sometimes, 
 
But you can't fool all the people all the time."
 (
 
Vous pouvez tromper quelques personnes, parfois, 
 
Mais vous ne pouvez pas tromper tout le monde tout le temps.
 
) dixit Abraham Lincoln.

Aucun commentaire: