jeudi 18 juillet 2013

Analiz Lanmo Jij Jean Serge Joseph Verite ak Manipilasyon yo.---

Analiz Lanmo Jij Jean Serge Joseph Verite ak Manipilasyon yo

Jodia genyen ampil konfizyon. Yo peze akseleratè pwopagand lan san pèson pa fè oken jefo pou detemine e ankète sou sak pase jan demokrasi a mandel. Mwen fè ankèt pa mwen e men rezilta yo. Nan rezilta sa yo gen ampil kesyon ki merite repons. Ann komanse. 

1. Vandredi 12 Jiyè Prezidan Mately pati pou Orlando pou repon a yon envitasyon NAACP 

2. Vandredi 12 Jiyè nan apre midi jij Jean Serge Joseph ki gen 78 lane daj soti Latibonit pou rantre Potoprens. 

3. Nan lannwuit la li pa santil byen, Samdi 13 Jiyè a 3hres di maten yo menen li nan yon eta kritik nan lopital Bernard Mevs 

4. Maglre tout jefo doktè yo pa reyisi sovel, li mouri Samdi 13 Jiyè a 8hres diswa sa vle di 17hres tan apre ke li rantre lopital la 

5. Toujou Samdi 13 Jiyè mwens ke 10 minit apre ke jij Joseph mouri sa vle di a 8hres10 pm Edens Debas ak website li Tout Haiti san yo pa pale ak oken doktè lopital Mevs akize gouvènman Mateli a ke li fè touye jij la. Nouvèl sa gaye nan tout lari potoprens e nan diaspora a 

6. Preske 2hres tan apre radio Kiskeya repran e repete men'm enfomasyon sa ke Edens Debas lage sou entènèt la san oken pwèv. 

7. Dimanch 14 Jiyè apre ke bwui Edens Debas finn kouri toupatou, kèk jounalis monte nan lopital Mevs la pou al chache konnen ki rezon medikal ki fè ke jij Joseph mouri 

8. Sou baz enfomasyon Edens Debas yo, kesyon jounalis yo tap poze montre ke san verifye yo te aksepte e repete tankou jako repèt fo nouvèl ak montaj Edens Debas yo 

9. Dimanch 14 Jiyè Me. Samuel Madistin deklare ke jij Joseph tap recevwa presyon nan men gouvènman Matelly a. Li deklare tou ke te gen yon reyinion ant jij Joseph, Prezidan Matelly, Minis Jistis la, Dwayen Tribinal Sivil la, Premye Minis la, e Me. Garry Lissade nan kabinè. Reyinion lan yo di te fèt nan kabinè Lissade. 

10. Lendi 15 Jiyè Lopital Mevs soti yon kominike poul di ke lopital la pat jamen oganize yon konferans pou laprès jan yon seri de moun deklare'l. 

11. Lendi 15 Jiyè sou radyo Magik Minis Jistis la ak Dwayen Tribinal Sivil la demanti nouvèl ki fè konnen ke yo te ale nan yon reyinion ak jij Joseph nan kabinè Lissade. Me Garry Lissade demanti sa ansamb ak pot pawol Prezidan lan Lucien Jura. Men'm jou sa jounalis Valery Numa konfime ke te gen yon reyinion ant jij Joseph e mamb gouvènman san li pa bay sous la. 

12. Mèkredi 17 Jiyè sou radyo Signal FM Prezidan Matelly deklare ke li pa gen anyen pou wè ak Lanmo jij Joseph kise yon moun ke li apresye e se limen'm ki te renommen li. Prezidan Matelly prezante kondoleyans li bay fanmi jij Joseph. Prezidan deklare tou ke dosye a pat nan men jij Joseph anko paske avoka defans yo te fè apèl a desizyonl. Kidonk dosye a te gentan transfere nan men 3 lot jij. Prezidan lan di poukisa yo ta al fè presyon sou yon jij ki pat gen dosye a nan menl. 

Mwen men'm mwen panse gen 3 teori sou kesyon sa. Premye teori a eske jij la mouri de yon lanmo natirèl sa vle di de maladi li? Eske nou konnen ke jij Joseph te gen 78 lane? Eske nou konnen ke jij la te sibi yon operasyon gen kèk mwa de sa e se Dr. Ariel Henry ki te opere'l? Eske li simpleman posib ke li mouri natirèlman e Edens Debas ak zanmi li yo politize dosye a? Dezyèm teori a eske yo touye'l? Nan konsiderasyon sa gen 2 posibilite. Premye posibilite a se gouvènman lan ki fè touyel. Nan Teori se gouvènman ki fè touyel wap mande tèt ou pou ki rezon? Paske dosye a te gentan transfere nan men 3 lot jij akoz de apèl ke avoka defans yo te fè. E dezyèm posibilite a se nèg nouvo pati politik nouvèl Ayiti yo ki gen ladanl Edens Debas, Me. Samuel Madistin ki fè touye jij Joseph. Kijan Desbas pandan ke li chita Nouyok gentan distribye nouvèl ke jij la mouri e se Matelly ki touyel sèlman 10 minit apre lanmo jij la san li pa pale ak oken doktè? Eske mesye sa yo responsab de lanmo jij Joseph? 

Mwen pa gen repons a kesyon sa yo. Jodia jounalis ki pa aktè e lidè politik ta dwe fè ampil jefo pou ankète e jwen repons a kesyon sa yo. Mwen konstate ke gen plis spekilasyon ke ankèt.

Aucun commentaire: