lundi 31 mars 2014

Ala pay! Cyrus Sibert avili demagog yo epi jistifye poukisa TET-KALE se solisyon Ayiti.--

[Cyrus Sibert] ap reponn [Letitah-Aristid.] sou kesyon « Neo-feodal » ak liv « Ekonimis Fritz Jean» : HAITI - LA FIN D'UNE HISTOIRE ECONOMIQUE. -

[Letitah-Aristid di] : Cyrus Sibert, eske ou konprann byen sa Fritz Jean mete devan ou la-a?
Li di ou ke se yon "Minorite Zwit" ki kembe peyi Ayiti nan yon Ekonomi KK Kapitalis-Kokorat!

[Cyrus Sibert reponn] : Letitiah, w pa apran'n nou anyen la. Elite pap jan'm ka majoritè. Se yon minorite ki ap dirije Legliz, kap dirije Fanmi Lavalas - menm si mwen pa dakor ak Moise ki di nou se « makouto boujwa » - se yon minorite ki posede lajan pou envesti. Ki donk mwen paguen pwoblèm ak ''minorite zwit'' depi lap fè bon bagay pou chanje sityasyon peyi'm epi kreye devlopman ak oportinite. Lè telekominikasyon te nan men LETA kote nou te pran poz se pou majorite a li ye, pèp la pat ka jwenn telefon. Depi kominikasyon nan men yon ti « minorite zwit », envèstisè prive, tout moun jwenn telefonn epi tout moun ap degaje yo nan sektè kominikasyon nan vann pap Pap-padap, depane telefon, elatriye. Se pa sèl chimè w yo kap fè lajan tankou yo te konn volè blok kat nan teleko, vann apèl entènasyonal, elatriye.

[Letitah-Aristid] : Nou pase tout tan sou fowom pou eseye eksplike ki sa "Neo-Feodalisme" ye, epi ki jan nou fe rive la, men neg tankou Cyrus te prefere avili nou pase yo koute sa nou ta pedi! Jodi-a, se yon ekonomis "main stream" ki pale.

[Cyrus Sibert] : Ekonomis « Main Stream » ki pale-a, te reskonsab Bank santral lè'w te Prezidan. W wè sa two ta. Epi, li pa difisil pou yon moun konprann « Neo-Feodalisme » an Ayiti. Li sifi ke li voye zye gade FANMI LAVALAS kote li guen yon KOWODONATE AVI ak FANMI KOWODONATE sa ki eritye Pati-a, menm jan ak RDNP ki se pati Pwofesè Leslie Manigat, epi lap ka konprann « Neo-feodalisme » fasil. Tout manb pati sa yo pa egziste ; se yon bann zonbi. Yo tout paguen dwa guen anbisyon politik ni pwojè politik. Yo la sèlman pou sakrifye TET-YO pou lidè « Neo-feodal » yo pran pouvwa, fè lajan epi byen mennen.

[Letitah-Aristid] : Ou oue ki jan mot "rente" vini popile? Se pa Jodi-a sa komanse. Nan lane 1960-70 yo, Montas, Gerard Pierre Charles, Suzie Castor te deja eksplike nou mekanik tout bagaye sa yo.

[Cyrus Sibert] : Pou jan'w maltrete « Montas, Gerard Pierre Charles, Suzie Castor », boule kay yo, pèsekite yo.

[Letitah-Aristid ] : Jodi-a, Fritz Jean vini eksplike ki jan kesyon-an devlope pandan ane 1980, 1990, 2000 yo. Epi li di nou ke vant nou nan men blan, bouda nou nan men Minustah, poche nou nan men diaspora, epi gouvanman nou nan men minorite zwit la: mem tonton makout ki lage nou nan katchaboumbe ke nou ye la-a!

[Cyrus Sibert] : Monchè pawol sa yo demode. Nan 21e syèk sa se entèdepandans. Tout moun depann de tout moun. Sispann ak vye koze sa yo. Fok w evolye. Komès entènasyonal se yon bagay nomal. Bagay MINUSTAH sa si'm te wou, mwen pata repete sa, paske aprè 1915, se wou menm ki mande pou solda meriken okipe peyi Dayiti pou'w ka tounen sou pouvwa grandizè. Si pwodiksyon nasyonal la kraze, ambago wou te mande a, pou bokou. Bagay sa fè dominiken vale teren sou nou. Li kraze ekonomi Ayiti. Jodia aysyen ap pran imilyasyon lakay vwazen.

[Letitah-Aristid] : Tout efo pep Aysyen fe pou yo te kraze rezo sila te tombe amba kout zam malendren!

[Cyrus Sibert] : Sispann ranse ak vye koze akize moun, bay lot moun pote reskonsabilite echèk w. Nan lane 1991, lè'w te pran pouvwa, se revoke manb Eta-major lame a w te twouve ki pi enportan. Pou satisfè orguèy'w, wou te imilye yon bann jeneral ak lofisye Aysyen devan etranje. Sa, sete pwovokasyon. W pat ase gran tankou Mandela pou'w te rekonsilye tout moun nan peyi-a, nan dyalog, pandan wap oganize pèp la ak jenn yo kite fè sakrifis pou'w rive Prezidan. Menm lè mwen te kont koudeta nan lane 1991, mwen reyalize se wou menm ki te lakoz tout sa ki te pase apre 7 fevrye. W pat guen kapasite yon lidè pou'w te pwofite sityasyon an. Paske, aprè deblozay 6 janvye 1991, li te klè ke lame-a patap janm pran risk fè yon koudeta, si yo pat santi yo menase. Revokasyon sa w te fè nan mitan envèstiti 7 fevrye 1991 la, pandan wap prete seman, sete aksyon fantezis ki lakoz koudeta, represyon FRAPH, ambago, okipasyon e latrye.

[Letitah-Aristid] : Nou byen kontan ke ou komanse konprann ki sa "Sosyete Neo-Feodal" amba baget Global-la vle di.
Cyrus, ale cheche tablye ou pou ka komanse sevi blan! Ou te travay tou pou sa te kapab reve la.
Cyrus, ou pa remake ke, nan jounen Jodi-a, non selman ke moun bataye pou te (Lamothe, Dietrich, moun l'Ile-a-Vache), men yo batay pou yon lot bagaye anko: lajan ki soti nan diaspora-a. Lajan tankou FNE, kob PSUGO ki fe Cyrus anvi kase djol Metellus!
Sa vle di ke lajan diaspora tet pou tet avek agrikilti "di-mwatye" tout bon nan peyi Dayiti!

[Cyrus Sibert] : W pa janm ka konprann ke nan lemond antye se envèstisman etranje ki fè ekonomi devlope. W rete la ak vye koze « Grès kochon ap kwit kochon ». Yon bann pawol demagoji.
Nou pran poz nou sosyalis, tandiske tout peyi sosyalis sou latè ap chaje envestisè. Vietnam se yon peyi sosyalis kap chache mache epi kap kreye opotinite lakay li. Nou pran poz nou kominis, peyi Lachin (Chine) kominis develope ak lajan etranje kapitalis kap envesti. Peyi Cuba fenk pran desizyon bay etranje ki vini envesti wit (8) lane san yo pa peye tax.

GADE SA [ Cuba : Vers la fin du socialisme ? https://www.youtube.com/watch?v=rqeq5ntWr1c&feature=youtu.be ]

Sispann pran moun pou enbesil. Jodi-a guen intènet. Egzanp yo la.
Nap kritike gouvenman Ayisyen kap chache devlope Ile-a-Vache, tandiske nap bat bravo pou Punta-Cana, Sosua, Acapulco, Soschi, elatrye. Gouvenman kominis Cuba ap chache envestisman pou sektè touris li tou.
Se konsa moun fè lajan. Se chache debouche ekonomik. Se pa goumen pou rive sou pouvwa, volè lajan nan kès leta. Se chache patnè etranje, konstri pwojè nan peyi-a epi envite yo vini envesti.
Nou pase 25 lane ap kouri dèyè envestisè, ap dekouraje moun ki guen lajan, moun ki guen konesans, moun ki guen experyans, ak moun ki guen kontak. Rezilta-a : yo ale envesti Sendomeng, Grann-Tok (Turks and Caicos), Bahamas, Jamaique, Cuba. Apre sa pitit peyi a blije pran kanntè pou al chache travay lakay boujwa sa yo nou dechoke yo.
Nou guen yon lojik chache Bouk emisyè pou bay pote chay echèk nou : Nou di se paske nou nwa, tandiske Bahamas, Turk and caicos, Jamaique, Matinique, Guadeloupe, tout karayib la kote anpil mou nap envesti, kote ayisyen oblije pran kanntè pou al chache lavi, se nwa ki nan yo. Moun nwa, ak dirijan nwa, ki konprann enportans envestisman etranje ankouraje etranje envesti epi kreye travay.

Nou di se Etazini ki kraze nou, komsi tout lot peyi karib yo kote ayasyen al chache lavi yo sepa vwazin Etazini yo ye tou.
Depi nan lane 1801, Toussaint Louverture ( ke wou guen foli ye), te di « Se gran plantasyon ki pou fè Ayiti rete « Perles des Antilles », w vini ak dechokaj tè, rele moun GRAN-DON, menase yo, dekouraje, fose yo kite peyi-a. Jodia, pitit peyi Dayiti ap travay lakay GRAN-DON dominiken.

[Letitah-Aristid] : Se la vie, Cyrik!

Nou ta sipoze kite sot, men kondityonman ideolojik amoeche nou oue kle, paske nou toujou pre pou nou denonse moun kom "komilis", tankou Martelly te di pou mesye ke li pa te vle nan "Cours des Comptes" la!

[Cyrus Sibert] : Letitiah-Aristid, map di'w ke, lè'm te lekol dwa, mwen te konn li liv kominis yo anpil, Karl Marx, Engels, Lenine, Althusser, elatriye. Men, Bondye te banm yon profesè kite konseye'm li lot liv tankou Schumpeter, Raymond Aaron, Gaston Bouthoul ak Saint-Simon. Liv sa yo ede'm fè konparezon, yo ede konprann feblès ideoloji kominis yo. Menm si mwen dakor fok guen mouvman sosyal pou defann dwa pov yo, dwa travayè yo, mwen kwè dabor ke travay guen yon kapasite pou emansipe moun. Karl Marx te konprann pouvwa travay kap edike epi disipline moun pou yo tounen revolisyonè. Boujwa monopolis ki asosye ak pati retrograd tankou sa ki nan MOPOD yo ak Fanmi Lavalas pap janm ka bay pèp la travay. Pa guen avni nan kite pitit pèp la san ledikasyon, bay li zam pou'l fè milisyen, makout, atache, chimè. Tout politisyen aysyen se yon bann parazit kap chache lajan pou viv tankou « Prince ». Se sèlman kapital etranje, miltinasyonal yo ki guen lajan ak kilti biznis modènn, kap ka ede nou kreye travay pou tout pitit peyi a. Bagay la pa oblije sèlman nan lit ant klas, li ka fèt nan kowoperasyon, nan konbit ant klas yo. Tankou apre 12 janvye 2010, menm jan lap fèt Cuba, Chine ak Vietnam, jounen jodia. Tout peyi sa yo ap chache kapital etranje pou kreye kwasans lakay yo. Nan sans sa VIV MARTELLY AK LAMOTHE ki konprann reyalite sa, ABA tout demagog kap repete vye koze kredi ki pa bay okenn rezilta nan retire pèp aysyen nan mizè.

[Letitah-Aristid] : Patriotikman

[Cyrus Sibert] : Patriotikman !
Enregistrer un commentaire