samedi 26 avril 2014

Ala pay! Mwen poko janm ekri yon bagay pou advèsè yo demontre se manti. Yo joure se vre...--

Yo pito ap atake'm, intimide'm, chache asasinen karaktè'm, akize'm de tout bagay sal.

E sa yo pa konprann, sa fè lontan depi mwen reyalize, pou yon moun ede Ayiti chanje, fòk li pa pran presyon nan men pèsonn, pa kite pèsonn achte konsyans li, epi pa okipe antichanjman yo lè yap reyaji.

Sèlsa pou'w swiv, eske yo ka pwouve sa w di a se manti, eske yo ka pwouve se yon erè. Apre sa, kite yo pale, joure, akize'w. Si se yon fi w ye, yap atake'w sou kote seksyèl w, di w ak gason, mache ekri grafiti sou devan'w nan tout miray.

Si w renmen Ayiti, w paka kite ti bagay sa yo fè'w fè bak. Paske, plis yo pale, se plis sa'w di-a se vre, se plis li guen fòs, se plis li deranje yo.

Yo pase 25 lane ap bay presyon pou kenbe pouvwa akize tout moun makout : Rezilta echèk total.

Se pa ak pouvwa TET KALE sa kap bay rezilta pou'n kite enkapab yo bay nou presyon. Si anakopopilis yo paguen lide nèf, si yo paguen pwojè, sepou yo chache yon kote mete kò yo.

Apre sa, depi yo paka pwouve sa nou di yo se manti, depi yo paka pwouve nou pagen pozisyon, se pou yo rete rèd pou pran bwa!

Joure, sote, ponpe pap anpeche nou koresponn ak yo! Nou pa vini di TET KALE pafè, tout bagay OK. Men, sa yo kap pale anpil yo pa pi bon. Yo pase deja, yo pa janm bay bilan, yo pa menm regrete sa yo fè ki mal pou mande pèp la padon. Yo poko janm di pèp la kote 3 wòch dife yo pase epi yap pran pòz yo se solisyon.

Cyrus Sibert, Okap, Ayiti.
____________________
RESEAU CITADELLE : LE COURAGE DE COMBATTRE LES DEMAGOGUES DE DROITE ET DE GAUCHE , LE COURAGE DE DIRE LAVERITE!!!
"You can fool some people sometimes, 
But you can't fool all the people all the time."
 (
Vous pouvez tromper quelques personnes, parfois, 
Mais vous ne pouvez pas tromper tout le monde tout le temps.
) dixit Abraham Lincoln.

Aucun commentaire: