dimanche 13 avril 2014

Mini Repotaj Videwo sou Senkyèm Misyon nan Bènagous : Seyans enfòmasyon sou fabrikasyon chabon altènatif

Mini Repotaj Videwo sou Senkyèm Misyon nan Bènagous : Seyans enfòmasyon sou fabrikasyon chabon altènatif


---Gouvènman ayisyen an vle mete kanpe yon izin pou fè brikèt chabon nan Bènagous---

Nan kad jefò kap fèt pou konbat fenomèn debwazman an nan peyi Dayiti, Gouvènman ayisyen òganize, semèn ki sot pase a yon misyon nan Bènagous pou etidye posiblite pou tabli nan seksyon kominal sa a yon izin kap pèmèt peyizan yo fabrike brikèt chabon ak fatra agrikòl tout kalte.

Demach sa a rantre nan kad estrateji Gouvènman an mete anplas pou kwape fenomèn koupe pyebwa a pou fè chabon nan peyi a, pandan lap bay peyizan yo lòt mwayen pou yo viv. Pwojè sa a kapab kreye anpil job epi konbat kesyon debwazman an ki reprezante yon menas sou tèt popilasyon an.

Materyèl ki pral itilize pou fè brikèt chabon an se fatra tout kalte, tankou po kann, bwa mayi, pay kafe, po kokoye, vye branch bwa ki tonbe, elatriye. Popilasyon Bènagous la akeyi pwojè a ak anpil kontantman. Se yon pwojè pilòt kap gen pou layite kò l nan tout peyi a.

 ____________________
RESEAU CITADELLE : LE COURAGE DE COMBATTRE LES DEMAGOGUES DE DROITE ET DE GAUCHE , LE COURAGE DE DIRE LAVERITE!!!
"You can fool some people sometimes, 
But you can't fool all the people all the time."
 (
Vous pouvez tromper quelques personnes, parfois, 
Mais vous ne pouvez pas tromper tout le monde tout le temps.
) dixit Abraham Lincoln.

Aucun commentaire: