dimanche 20 juillet 2014

Angajman ki sòti nan "Gouvènman Lakay ou" nan Miami.-

                                                               GOUVENMAN LAKAY OU
                                                                               MIYAMI
Sekretarya Jeneral Primati
Angajman ki sòti nan Gouvènman Lakay ou
 Samdi 19 jiyè 2014
 
ANGAJMAN # 1
Premye Minis lan mande pou diaspora an chwazi yon reprezantan ki pou rete an kontak ak Gouvènman an e li mande pou yo òganize yon kongrè diaspora pou travay sou bezwen priyoritè yo kòm dosye tè, dedwannman, sekirite, doub nasyonalite...

ANGAJMAN # 2
Direktè Ladwann lan dwe pran tout dispozisyon poul kreye yon gichè espesyal pou diaspora yo.

ANGAJMAN #3
Nan sousi pou amelyore edikasyon an Ayiti, Minis Edikasyon Nasyonal lan an angajel pou gen mapping pou tout lekòl ki an Ayiti yo. Kidonk ane sa, MENFP ap konnen egzistans tout lekòl ki nan seksyon kominal, nan komin ak depatman yo san bliye lekòl ki nan PSUGO yo. Epi, tout pwofesè yo ap gen pèmi pou yo ka ansenye.

ANGAJMAN #4
Minis Jistis lan angajel pou fè respekte byen imobilye tout moun e li deside pran dispozisyon sou dosye sa de fason pou garanti sekirite byen moun yo.

ANGAJMAN #5
Nan sousi pou kontinye kwape kidnapin ak vòl nan peyi a, Direktè Jeneral PNH la anonse ke PNH mete yon plan sekirite pou kontwole moto kap sikile yo.

ANGAJMAN #6
Konsil Jeneral Miyami an dwe pran tout enfòmasyon sou manman  Anestesia ki nan prizon an Ayiti depi 13 mwa. Minis Jistis la dwe asirel de swivi sa. Matant ti pitit lan rele Bernadette John e manman an rele Wiline Absolu, li nan prizon sivil Petyonvil lan. Premye Minis lan mande pou tout dispozisyon pran pou konnen ki sa ki pase e rezoud pwoblèm manman sa ki nan prizon.

ANGAJMAN #7
Nan yon sousi de kominikasyon e denfòmasyon, Konsila Ayisyen yo dwe adapte sèvis yo a demand popilasyon yo e fè piblisite sou sèvis ke yap ofri yo.

ANGAJMAN #8
Pou tout swivi nesesè, Sekrete Deta Planifikasyon an ak Nouvo Direktè Jeneral Planifikasyon an Mesye Giovani DORELIEN dwe pran plis enfòmasyon nan men Mesye ki fè demand poto ak fil pou mete kouran nan komin Gran Boukan nan katye Lèba (Depatman Nip).

ANGAJMAN  #9
A pati de mwa pwochen, Direksyon Jeneral Ladwann lan (AGD) ap mete yon strikti an plas pou resevwa tout doleans diaspora yo. Direktè Jeneral lan anonse ke lap etann strikti sa nan konsila yo de manyè ke moun nan diaspora yo konnen konbyen kòb taks pou yo peye, ki pwosedi yo dwe swiv e ki dokiman pou yo fè ki dwe akonpanye byen yo pou dedwannman ka fèt.

ANGAJMAN #10
Pou tout swivi nesesè, Premye Minis lan mande Direktè Jeneral Ladwan lan poul fè yon rankont «en aparté» avèk Doktè Orvil sou dosye dedwannman machin li yo.

ANGAJMAN #11
Pou fè swivi sou dosye doleans tè ke Nicole Prospère, Yvrose Bienvenue, Roselyne Philippe ak Jacques Respect te adrese yo, Premye Minis lan mande Direktè Jeneral DGI an poul fè yon rankont «en aparté» ak moun sa yo poul wè kijanl ka ede yo rezoud pwoblèm ke yap konfwonte yo.

ANGAJMAN # 12
Konsila Ayisyen yo dwe ouvri de 8h a 6h sòti lendi pou rive vendredi e yo dwe ouvè le samdi de 9h a 2h e ap gen yon sèvis a domisil pou moun yo.

ANGAJMAN # 13
Frè extrè dachiv yo ap pase de 170 dola a 100 dola.

ANGAJMAN #14
Nan MHAVE dwe gen yon biwo de doleans pou diaspora yo.

ANGAJMAN #15
Tout Konsil Jeneral yo dwe enplike nan Komite Swivi Gouvènman Lakay ou ki fèt nan Miyami a.

ANGAJMAN #16
Diziyèm Edisyon Gouvènman Lakay ou ap fèt Lagonav.
 
Komite Swivi Gouvènman Lakay ou nan Miyami:
1.      Ministre François Guillaume, MHAVE
2.      Monsieur Abel Nazaire, Primature
3.      Consul Stéphane Gilles, Consulat de Miami
4.      Consul Lesly Condé, Consulat de Chicago
5.      Consul Jutin Viard, Consulat de Canada
6.      Consul Gandy Thomas, Consulat d'Atlanta
7.      Consul Loïse Adam, Consulat de Miami
8.      Monsieur Jean Lafortune, Haitian Grasswoot Coalition (HAGC)
9.      Madame Guilène Berry, Koze Fanm
10.  Gypsie Metellus, Sant La
11.  Madame Paola Pierre, Chambre de Commerce Haïtiano-Américaine
12.  Dr Pierre M. Alcindor, Historien
13.  Monsieur Alex Saint-Surin, Radio Mega
____________________
RESEAU CITADELLE : LE COURAGE DE COMBATTRE LES DEMAGOGUES DE DROITE ET DE GAUCHE , LE COURAGE DE DIRE LAVERITE!!!
"You can fool some people sometimes, But you can't fool all the people all the time."
 (Vous pouvez tromper quelques personnes, parfois, Mais vous ne pouvez pas tromper tout le monde tout le temps.) dixit Abraham Lincoln.

Aucun commentaire: