lundi 25 août 2014

AK CSPJ, PAGUEN MWAYEN POU BLOKE JIJ NAN TRAVAY YO!


Paske guen 3 jij kap travay sou plizyè dosye ke ansyen Prezidan Aristide genyen devan lajistis peyi Dayiti:

1- Premyèman, Jij Sonel Jean Francois ap ankete pou lajan Kooperativ pèp la ki te volè ak Abi ki fèt sou timoun nan la Fanmi Selavi.

2- Dezyèman, Jij Ivickel Dabresil, ap ankete sou dosye lanmo Jean Dominique. Li gentan mande arete 9 moun, Mirlande Liberus, Anne Auguste alis So Ann, Markington elatrye. Gen 4 ki deja anba kod.

3- Twazyèman, Jij Lamarre Belizaire ki sou dosye 950 milyon lajan leta ki volè ak zafè blanchiman.

Mwen pa konnen ki Jij kap travay sou sitwayen ke yo te touye lè Lavalas te Prezidan. Moun tankou Mireille Durocher Bertin, Pastè Antoine Leroy, Jounalis Jacques Roche ak Brignol LIndor, Bernard Lauture, General Mayard, Pè Ti Jean elatrye.
____________________
RESEAU CITADELLE : LE COURAGE DE COMBATTRE LES DEMAGOGUES DE DROITE ET DE GAUCHE , LE COURAGE DE DIRE LAVERITE!!!
"You can fool some people sometimes, 
But you can't fool all the people all the time."
 (
Vous pouvez tromper quelques personnes, parfois, 
Mais vous ne pouvez pas tromper tout le monde tout le temps.
) dixit Abraham Lincoln.

Aucun commentaire: