dimanche 17 août 2014

Ala pay! Nèg ramase yo pè Stanley Lucas. Yo pa vle kite'l pale!

Nan Emisyon Ramase Samedi 16 Daout la, nou konstate koman yo pè Stanley Lucas. Anakopopilis yo pa renmen moun kap fè lojik ak bon aguiman epi egzanp listwa. Anplis Stanley Lucas pat ka pale pou rezon teknik, lè yo resi ba'l fè yon ti pale epi konkli, sepa de bri nèg ap fè pou'l pa pale. Moun sa yo pap janm ka blaze Martelly. Yo paguen prèv, yo paguen arguiman epi bilan yo pa bon. Se yon banm bouyon rechofe, demagog gwog magog kap repete bagay yo defome nan espwa ke yap ka manipile epi vire tèt pèp la. Sa pap mache konsa! Pèp la guen moun pou louvri je'l.

Aucun commentaire: