dimanche 17 août 2014

Mezanmi 2 jij trouve Aristide nan kriminalite...Yvickel Dabresil ak Lamarre Belizaire

Eske gen yon moun ki kapab eksplike mwen sa? Yon jij enstriksyon ke yo rele  Yvickel Dabresil konvoke ansyen Prezidan Aristide nan zafè asasina Jounalis Jean Dominique gen 6 mwa desa. Pou kapab konpran klike la: http://radiokiskeya.com/spip.php?article9968 Jodia yon lot jij enstriksyon Lamarre Belizaire konvoke ansyen Prezidan Jean Betrand Aristide sou zafè lajan leta ki volè. Jij la fèsa sou baz rapo ofisyèl ki montre ke Aristide volè 350 milyon dola. Pou plis detay klike la: http://www.slideshare.net/Stanleylucas/mandat-jean-bertrand-aristide-et-employes-fondation-aristide Nan 2 ka yo Aristide voye menase jij yo, pitit yo ak madanm yo. Li mete chimè nan lari pou fè entimidasyon, kraze, brize. Eske nou panse ke sa se yon konpotman nomal ki marye ak demokrasi ke nou tout ap chache? Eske konpotman sa ranfose lide ke li enplike tout bon nan zak kriminèl sa yo? Ke ou kont, ke ou neut ou pou, nap recevwa opinyon ak agiman tout moun san pwoblèm. Si wap di bètiz nap delete ou?
____________________
RESEAU CITADELLE : LE COURAGE DE COMBATTRE LES DEMAGOGUES DE DROITE ET DE GAUCHE , LE COURAGE DE DIRE LAVERITE!!!
"You can fool some people sometimes, 
But you can't fool all the people all the time."
 (
Vous pouvez tromper quelques personnes, parfois, 
Mais vous ne pouvez pas tromper tout le monde tout le temps.
) dixit Abraham Lincoln.

Aucun commentaire: