lundi 11 mai 2015

Depi Lamothe ale, pèp la pa jwenn anyen....

Depi K-PLIM debake ak nèg MOPOD plis boujwa tradisyonèl yo, tout ti pwojè pou soulaje mizè pèp la koupe : Kore etidyan, Ti Manman cheri, Kantin popilè, tout koupe. 

Se yon bagay nomal paske lajan kite konn fè bagay sa yo ale lot kote. Nan poch gwo zouzoun. Sosyete sèvil pap di anyen paske se patron yo kap pi rich. Pap guen manifestasyon. Nou pap tande plenyen nan radyo gwo nèg sa yo, pap guen manifestasyon, yo pap akize K-PLIM de koripsyon paske li kite tout moun vole san pwoblèm. Bandi lague nan prizon, ensekirite ogmante, tout moun ap fè ti magouy yo.

Pa konn guen program sosyal kote dirijan kite razè ap plen poch yo. Nèg yo ap brote, yo pral nan eleksyon. Se sèl yon moun modènn tankou Laurent Lamothe ki konn koman pou fè lajan nan konstri antrepriz entènasyonal san li pa oblije foure men nan kès leta, ki te ka reyalize bagay sa yo. W paka fè pwogram sosyal lè kontrebann retounen, lè gwo boujwa pa peye tax ankor.

Ayiti vini pi mal. Nèg yo koupe tout pwogram EDE PEP yo pou yo mete nan poch yo epi ede boujwa tradisyonèl yo fè plis kob nan kontrebann, volè tax leta e latiye.

An mwens pase 100 jou, pèp la wè se sèl Laurent Lamothe kite vle bay yo kickow pou mete nan bouch yo. Se sèl Lamothe ki vle pèp la jwenn. Se sak fè boujwa patripoch ak politisyen tradisyonèl ap chache bloke'l.

Sèlman, yo ka retade chanjman man, men yo pap ka bloke'l.


Aucun commentaire: