mercredi 20 mai 2015

Sispann bloke Lamothe : Pa fè'w konplis fòs reyaksyonè antichanjman yo !!!


Ayiti pa pou PREVAL, BOULOS ak K-PLIM, li pa pou GWOUP DE BOUDON ak alye TET KALE ki trayi promès chanjman. Se PEP AYSYEN an ki bay pouvwa. Li sèl ka deside ki moun li vle pou dirije'l.

Okenn militan konsekan ki vle chanjman paka dakò enstitisyon Leta ap pran dikte nan men yon ti gwoup boujwa retwograd ak politisyen kowonpi pou bare Lamothe paske li tap fè yo peye tax, peye dwann epi arete tout moun ki nan kidnapinn, menm pitit boujwa ak nèg ki pròch pouvwa.

Dekantasyon an ap fèt. Paka guen chanjman nan dezòd, fòk pèp la jwenn kichòw padan nap modènize ekonomi a, kraze monopòl yo kreye travay pou jenn yo.

Li pa fasil pou jwen moun ki guen kouraj poze aksyon sa yo ak tout moun nan pwòp kan li pa dakò.

Se yon chans pou nou defann epi bay pèp la dwa deside si li vle travay sa kontinye. 

Retwograd yo ak tchyoul yo pa menm vle kite Lamothe kandida. Yo panse Ayiti se byen prive yo, kote yo ka deside ekate moun jan yo vle. Sa se yon awogans Pèp Aysyen paka aksepte!

Laurent Lamothe deside angaje batay pou travay la kontinye. Li bezwen sipò tout moun ki vle chanjman; menm moun ki guen diferans ideyoloji ak li kapab kontribye ak diyite, nan dyalòg ak negosyasyon. Sèl bagay ki pa negosyab, Ayiti paka fè bak ... Fòk travay la kontinye!

Pwogresis paka konplis fòs anti-chanjman!!! 

Viktwa pou pèp la!!!
____________________
RESEAU CITADELLE : LE COURAGE DE DIRE LAVERITE!!!
"You can fool some people sometimes, 
 
But you can't fool all the people all the time."
 
 (
 
Vous pouvez tromper quelques personnes, parfois, 
 
Mais vous ne pouvez pas tromper tout le monde tout le temps.
 
) dixit Abraham Lincoln.

Aucun commentaire: