jeudi 25 juin 2015

Eske Evans Paul ap ka bloke Poul, Ze ak Kontreband bòs li ap fè sou frontyè Ayiti/Sendomeng?

Eske Evans Paul ap ka bloke Poul, Ze ak Kontreband bòs li nan boujwazi antinasyonal "Gwoup Boudon" an ap fè sou frontyè Ayiti/Sendomeng? 

Mezanmi, sa w fè se li w wè: 2 pye Premye minis Evans Paul, K-PLIM, mare. Li oblije bloke enpòtasyon machandiz ki soti Sendomeng. K-PLIM oblije demake’l de kontrebandye yo kite jete Lamòt paske li te anpeche yo fè sa yo vle sou fwontyè-a. Piyajè sa yo ki te asoye ak K-PLIM, MOPOD, pou jete Lamòt pral leve kont li. Depi K-P rive nan Primati, kontrebandye sa yo ap fè gagòt nan Leta a kote yo lakòz Ladwann fè defisi 1 milya goud (20 milyon dola meriken) pou sèlman mwa me a. Anpil fatra rekòmanse nan peyi a paske yo rantre ak asyèt ak tout lòt bagay ki pa bon pou anviwonman an. Tout desizyon bloke ze ak poul Lamòt te pran pou pwoteje pwodiksyon nasyonal pa respekte.

Nou pap tande nouvèl sa yo nan radyo boujwazi antichanjman an ni pati politik ak gwoup sosyete sèvil ki mare nan pye tab yo pap denonse sa. Yo pap di guen deriv ni guen kòripsyon. 120 milyon goud kantin popilè pèdi nan Afè sosyal, nou pap tande pale de sa. Lajan detounen nan Enteryè, se kase fèy kouvri sa. Yon bann nèg ki pat ka jwen pouvwa nan men pèp la ap pwofite. Yo menm vle kenbe pouvwa nan òganize eleksyon esklizyon kidonk seleksyon mete kandida popilè deyò.

Jodi-a, defisi ak gagòt nan leta lakòz lajan meriken monte tèt nèg. Lavi chè a grav. Tout pwogram sosyal kanpe oubyen ap mache mal. Piyajè yo te derefize peye 60,000 paspò Lamòt te komande pou identifye aysyen san papye nan peyi Sendomeng. Dominiken pran sa kòm pretex, di nou pap fè anyen serye pou aysyen sanpye, epi komanse depòte frè’n yo.

Oswa K-PLIM mete yon fin nan dezòd yo, lè sa lap bay Lamòt rezon epi li pral kontre bab pou bab ak patwon li yo ki pral leve kont li; Oswa li kite dezòd yo kontinye nan DGI ak Ladwann, defisi nan kès leta ap vini pi grav, leta pap ka peye anplwaye, dola meriken ap kontinye monte, enflasyon ap vini pi grav jiskaske pèp la leve kanpe epi dechouke'l menm jan yo te fè Divalye ak Jak Edwa Alexi. Prezidan Mateli ka viktim nan deblozay sa tou, li ka tou pedi pouvwa.

Ann gade pou’n wè sa ki pral pase. “Baton ki bat chen nwa a, se li ki pral bat chen blan an”. Men pwovèb la di tou “Bat chen an tann mèt li”.

Siris Sibè, Okap.-
25 jen 2015
@reseaucitadelle   
reseaucitadelle@yahoo.fr

Aucun commentaire: