mercredi 3 juin 2015

Mwen pa pè pou @LaurentLamothe, mwen pè pou peyi’m Ayiti paske mwen wè sosyete a pa evolye.-

Pandan nap pale eleksyon, MINUSTAH ap retire solda li nan peyi Dayiti. Tankou yon gwo gabèl, okipan yo bann defi pou nou òganize eleksyon san yo, nan la pè, demokrasi ak transparans. 

San’m pa rete sou yon koze Laurent Lamothe, yè swa KEP a pran yon desizyon ki montre ke sosyete sa pa pare pou dirije tèt li nan jistis, ekite, ak respè dwa moun. Se toujou konplo kont moun, panzou, chen manje chen. Jodia nap gade koman yon seri de entelèktyèl jalou ap bat bravo. Jounalis kite mande kraze konstitisyon sou baz konsansis mande aplike’l kont Lamothe. Yo kontan deske yo fè yon moun abi. Yo pa wont kanpe akote kidnapè, dilè dwòg ak kontrebandye pou fete deske yo bare wout Lamothe. 

Ansyen Premye minis la ka toujou defann tèt li. Men pwoblèm lan pi grav. Koman yon sosyete ki di li pa vle okipasyon ka bay gwosè demonstrasyon abi sa? Yo ekate dyaspora ak fo pretex, yo itilize la lwa dechaj la sèlman kont Lamothe.

Eben, Blan fenk kare jere peyi Dayiti. Nou pa pare pou sa, nou poko prèt pou guen dimansyon leta pou pran desizyon ki chita sou valè demokratik yo. Yap toujou ka ban nou dikte, paske nou pa janm vle aji ak larezon.

Kontan jodi paske yo fè zòt abi, kriye demen paske yo fè’w abi. Ayiti ap rete konsa. Mwen guen gwo kè sote pou avni peyi sa.

Se paske nèg yo pa wè lwen ki fè yo pa konprann ke jan yap konbat Lamothe la, se yon mit yap krey. Menm jan koudeta 1991 lan te ranfòse Aristide, konplo kont Lamothe yo pral ranfòse’l. Li pral tounen yon maty, yon mit nan tèt pèp la. Paske li jenn ase pou’l benefisye mit sa, lap retounen nan figui ti elit kòwonpi, tchyol boujwa retwograd ak boujwazi patripòch san vizyon. 

Mwen pa pè pou Lamothe, mwen pè pou peyi’m, Ayiti, paske mwen wè sosyete a refize evolye.

Cyrus Sibert, Okap, Ayiti
3 jen 2015
@reseaucitadelle
reseaucitadelle@yahoo.fr
____________________
RESEAU CITADELLE : LE COURAGE DE DIRE LAVERITE!!!
"You can fool some people sometimes, 
But you can't fool all the people all the time."
 (
Vous pouvez tromper quelques personnes, parfois, 
Mais vous ne pouvez pas tromper tout le monde tout le temps.
) dixit Abraham Lincoln.

Aucun commentaire: