vendredi 10 juillet 2015

Bloke lajan finansman kanpay Pati Politik yo : Kou deta elektoral la ap kontinye.-


Pati ki nan Gouvènman PREVAL/MOPOD/BOUJWA-SALÒP sa pa guen problèm kòb. Yo guen ministè, lajan leta ak materyèl Leta. 

Aprè yo fini pran kontwòl KEP a, deside kimoun yo pap kite ale nan Eleksyon, yo deside pa bay yon goud a pati politik yo.

Gouvènman ap repete 500 milyon goud la disponib yon fason pou fè pati yo dodo, men yo pap bay lajan sa vre. E menm si yo ta bay yon ti kòb, lap trò ta, pati yo pap guentan fè anyen avèl. Anpil kandida pral nan SELEKSYON sa san yon bout foto, ni afich.

Tout sa se estrateji kou deta elektoral klasik kap ezekite nan peyi Dayiti ak lide mete sou kote pèp la, kandida ki popilè ki vle di majorite moun nan peyi a, yon fason pou fè dappiyan sou povwa leta-a.


Tout moun ki kontinye sipòte SELEKSYON sa yo se makak. Aprè tout bagay fini KEP a ap bay moun sa yo yon bèl pat fig mi paske Makak renmen fig !!!

Aucun commentaire: