vendredi 10 juillet 2015

Vrè pwoblèm Pierre Louis Opont ak KEP MAKOUT kap vyole dwa moun…


1- Depi senmenn 6 jiyè a kòmanse, Prezidan KEP a ap resevwa presyon entènasyonal pou deklarasyon li fè sou Radyo Kiskeya kote li akize Madan Clinton ak asistan li Cherry Mills di se yo ki te chanje rezilta eleksyon 2010 yo. Moun Clinton yo fache anpil epi yo sispèk Pierre-Louis Opont nan konplo ak repibliken pou bay Hilary problèm. Anpil rimè tap kouri rapote ke te gen yon reyinyon nan zòn Dèlma ant Mesye Opont ak moun nan Kominite entènasyonal la kote yo mande’l korije deklarasyon li an oubyen demisyone.

2- Kominote entènasyonal la ap bay Pierre-Louis Opont gwo presyon pou li remete Jacky Lumarque sou lis kandida pou pòs prezidan. Anpil bri ap kouri di KEP a divize sou sa. Ta deja gen 5 Konseye ki dakò koube devan sa blan an di, rès yo di yap demisyone si sa fèt. Se pou rezon sa Opont tap plede esplike sa ki fè yo retire Jacky Lumarque nan eleksyon an, alòske li pa fouti esplike rezon ki fè Senatè Simon Desras (ki manke dechaj), Jovenel Moise (konsesyonè leta) ak Jean-Charles Moise (Non'l site nan arè debè Kou-dè-kont pou detounman 50 milyon goud nan meri Okap) toujou sou lis la.

3- Platfòm VERITE deja lanse operasyon “CHO CHO NÈT” ki vle di aprè twazyèm manifèstasyon yap gen pou yo fè nan kapital la, yo pap reskonsab manb KEP yo. Tout moun konnen ke gen anpil Baz kite nan Operasyon Bagdad ki ap mache ak VERITE. Se menm Baz sa yo ki pral lanse Operasyon "CHO CHO NÈT" la. Dayè jodi 10 jiyè-a fè sonje lanmò jounalis Jacques Roche ki se yonn nan viktim Operasyon Bagdad.

Me vrè pwoblèm Pierre-Louis Opont.

Alòske tinèg tap fè gwo do pran pòz MAKOUT ke pèsonn moun paka fè wè rezon, jodia yo pa fouti pa fè sa blan mande epi retounen sou desizyon yo. Lòt kote, si yo ka pa okipe Laurent Lamothe paske li pa yon politisyen tradisyonèl kap fè vyolans depanse lajan pou mete dife ak bloke peyi-a, yo pa fouti bouche zòrey yo devan menas Baz CHO CHO NÈT yo.

Se pou Pierre-Louis Opont gen kouraj di vrè problèm li pou pèp la konnen. Ti nèg nan peyi Dayiti derefize respekte moun debyen ki ap pale dwa ak yo, se bandi ak blan kap toujou fè yo mache.

Cyrus Sibert, Okap, Ayiti
10 jiyè 2015
@reseaucitadelle 
reseaucitadelle@yahoo.fr

Aucun commentaire: