dimanche 16 août 2015

Guerre civile Post-électorale dans la Commune de Grande Rivière du Nord.-

Gade Photo viktim Yon gè sivil ki kòmanse nan Granrivyè di Nò (Geande-Rivière du Nord) ant plizyè group sivil ame. Moun anwo bouk fas yon lame yo rele ZoReken. ZoReken se gwoup bandi ki pwòch Depite PSP Occinjak, ki vle retounen nan palman an anba banyè PHTK. Men depi jou 9 aout la patizan ZoReken ap plenyen di yon lot kandida yo rele Julmice ki anba banyè VERITE guen gwoup nèg ak zanm kap atake yo tou. Gade foto moun ki viktim nan konfli sa ke mwen konsidere kòm gwo echek pouvwa TET KALE a nan komin Granrivyè du Nò. Paske depi 4 lane, nèg ak zam ap touye, blese moun nan Grande-riviere du Nord. La Polis, la Justis ak Minustah pa janm fè anyen pou sa sispann. Yo abandone Ganrivyè ak koze vyolans kote yap kraze kay moun, touye moun, mete dife, vyole fanm anba zye otorite yo.

Cyrus Sibert
@ReseauCitadelle



____________________
RESEAU CITADELLE : LE COURAGE DE DIRE LAVERITE!!!
"You can fool some people sometimes, 
But you can't fool all the people all the time."
 (
Vous pouvez tromper quelques personnes, parfois, 
Mais vous ne pouvez pas tromper tout le monde tout le temps.
) dixit Abraham Lincoln.

Aucun commentaire: