lundi 24 août 2015

Kontradiksyon nan chif rezilta KEP a...


KEP a samble pran nou tout pou embesil. Mwen tap analize chif ke yo bay pou eleksyon senatè yo. Chif sa yo pa bon ditou. Chif yo tèt amba tankou se fabrikasyon ke yo ye. Se tankou yo elimine yon pakèt pwosè vèbal ak vot pèp la pou fè moun pa yo pase. Pou moun ki pa kwè pran rezilta yo fè analiz panou. Lè ou pran total 4 kandida ki pase pou al nan 2em tou nan chak depatman, total vòt tout kandida sa yo ki pase pou ale nan 2em tou a egal a 898 mil 102 vot. Lè ou kalkile kombyen vòt ke KEP a eliminea travè pwosè vèbal yo li totalize 1 milyon 560 mil 040 vòt. Mwen sezi! Vòt ke KEP a elimine plis pase vòt ke KEP a konte pou senatoryal yo. Apre sa, lè w kalkile pousantaj 18 pousan moun ke yo di ki patisipe nan eleksyon yo chif sa pa kadre tou. Eske jounalis yo pral gen kouraj pou analize chif KEP yo? Mezanmi gade! Tèt chaje! Pwoblèm...

Aucun commentaire: