samedi 29 août 2015

Polemik Kely/Nawoon nan Nò Ayiti : MEZANMI KOMISYON PA CHAY!!!

Dr Kely C. Bastien
@ReseauCitadelle te rankontre ak ekip kanpay kandida pou pòs Senatè Kely Bastien ki te mande yon rankont pou denonse sa li rele “Kanpay manti ak difamasyon” kandida Nawoon Marcelus ap fè nan akize ansyen Senatè a di li guen lopital Sendomeng. 

Lopital yap pale-a rele “UnionMedica”, yon lopital yon gwo gwoup biznisman Santiago konstri nan objèktif rejyonalis yo, se menm gwoup sa ki guen konapyi Estrella, ki konstri ayewopò Santiago, izin, lotèl ak anpil lòt gwo koze lakay vwazen. 

Dominiken nasyonalis sa yo e sitou rejyonalis Santiago pa bezwen ti monnen yon palmantè Ayisyen pou konstri yon lopital lakay yo. Manti sa pa fè sans, li pa chita sou anyen.

Kandida Kely Bastien di li pare pou debat sou program ak bilan. Li panse ke se yon avantaj pou li deske tout moun konnen se rezilta travay ak lajan prete ki pemèt li bati kay epi posede sa li guen kòm byen. Se pa lajan sal...

Li panse ke kanpay manti sa se zam moun ki paguen lide ni program ap itilize pou eseye manipile pèp la. Li mande yon kanpay pwò kote ap guen deba ak respè.

Staff ReseauCitadelle.-
29 Dawout 2015
@reseaucitadelle
reseaucitadelle@yahoo.fr

Aucun commentaire: