mardi 15 septembre 2015

@JovenelMoise ap lanse kanpay li nan vil Okap, madi 15 septanm 2015, 11 è nan maten.-


Moun nan Nò guen "Fierte Christophienne". Roi Christophe sete yon gwo travyè, yon pwogresis, yon moun kite konn bay rezilta. Se sak fè moun nan Nò fyè pou yo prezante yon gwo travayè latè, pitit vil Otwou (Trou du Nord) kòm kandida pou pòs Prezidan. Lè wap voye yon moun reprezante'w, sepou'w chwazi pami sa ki pibon, pami sa ki pi kapab yo.

Si KEP ak Kominotè entènasyonal deside vanse san korije desizyon gwo ponyèt OPONT yo, pèp la paka kanpe gade, kite chimè pran pouvwa pou fè peyi a fè bak. Si an 2010, pèp sa te chwazi yon nonm pratik, yon nonm li konn rankontre tout kote epi ki konn lavi li ak mizè li, si li renmen Laurent Lamothe paske li se yon gwo travayè yon dirijan ki pa nan pale mete la men ki travay pou bay rezikta, pou 5 lane kap vini la yo, pèp aysyen an pral fè experyans pwodiksyon nasyonal ak Jovenel Moise, yon gwo travayè ki bay prèv kapasite'l pou'l travay fè manje retire Ayiti nan mizèrere.

Jou ki madi 15 septanm 2015, nan Parc Saint-Victor (nan kemp) vil Okap, se pwal lansman kanpay kandida Jovenel Moise pou pòs Prezidan. Paka guen desantralizasyon san gwo jadin nan tout rakwen peyi a ki ka bay anpil moun travay san yo pa oblije desann Pòtoprens. Fòk nou montre Dominiken ke nou ka rete nan peyi nou, fè jadin, fè manje voye vann nan lòt peyi tou. Nou pral mete yon gwo plantè nan tèt peyi a, nou pwal bay agrikilti yon lidèchip politik. 

Apre Lamothe fini remete Ayiti sou kat touristik mondyal kote gwo lotel ap konstri nan peyi Dayiti, Jovenel pral remete'l sou kat peyi kap expòte bannann ak lòt manje. Li deja komanse bay rezilta.

Pèp ayisyen se bon estratèj, lap gade, lap swiv epi lap aji. Li pap pedi batay. Pèp la konprann, li pap kite fache fè'l rete kanpe gade. Depi yo vle eleksyon san koreksyon, pèp la ap pote boure ak yon lòt gwo travayè. Lap marye lidèchip touris, lidèchip gouvènans modèn, lidèchip teknoloji ak lidèchip pwodiksyon agrikòl pou mete peyi nou sou ray chanjman ak devlopman. 

Nan batay politik, fòk w ka gade sa ki pozitif nan yon sityasyon pou'w transfòme li nan avantaj epi dekouraje advèsè a ki panse w tap dekouraje. Nou pap pran nan pyèj kanpe gade, yon gwo travayè gen anpil kalite : Sa ke gwo entelektyèl yo rele "Culture d'execution", moun ki konn bay rezilta. Yon moun konsa paka negatif, li paka nan pale mete la, li paka yon parazit, li paka yon chimè, li paka yon dechoukè, li konnen doulè travayè, li paka nan dechouke tè, li paka nan ankouraje moun volè bèf peyizan, li pap ka nan kale wès, li pap ka nan pèdi tan ni nan ankouraje jenn yo nan aktivite kraze brize. Sak pi rèd la, li pap ka tolere kontreband paske paguen pwodiksyon nasyonal ak kontreband, li pap ka tolere kidnapè paske poul jwen investisè fòk li mete sekirite. Boujwa malpwòp yo ki pa kwè nan pwodiksyon nasyonal pral guen pwoblèm avèl paske pèp la pap guen tan pou achete machandiz enpòte yo. Finalman, moun sa pral twouve'l anfas tout moun ki pat vle wè Lamothe paske li te anpeche yo fè kontreband. Jovenel Moise ap fini pa guen menm lenmi ak Laurent Lamothe. Yo oblije kolabore.

"Haiti is open for business"

Même quand je suis contre les alliances contre nature, il ne faut pas oublier que "... Le pouvoir, en lui-même, est une relation d'interaction, d'échange, de négociation, d'alliance ou de mésalliance." Gerstlé p. 18
  
Cyrus Sibert, Okap, 14 septanm 2015
@reseaucitadelle
reseaucitadelle@yahoo.fr

Aucun commentaire: