samedi 17 octobre 2015

#Haiti-Eleksyon : Viktwa ap soti nan bitasyon, seksyon kominal ak vil pr...





Nan dezafi eleksyon 25 oktòb kap vini la, @MoiseJovenel ki se sèl kandita peyizan plantè ak travayè yo pral kontre kòn li ak kandida lumpenn yo ki se nèg kap pale anpil mete la, ki derefize travay, gen foli grandè, blye kote yo soti al chita lavil pale anpil nan radyo ak televizyon fè vyolans politik tout la sent jounen. Yo pase 4 lane ap joure prezidan destabilize peyi a nan kapital la, yo pa plante yon pye patat. Peyizan yo pat janm di anyen, yo tap travay di ak #JovenelMoise nan plante bannann, yo tap tann eleksyon pou di mo pa yo. Jou a rive. Viktwa ap soti nan bitasyon yo, nan seksyon kominal yo, nan vil provens yo.

Aucun commentaire: