mardi 24 novembre 2015

Michael Geilenfeld toujou devan lajistis peyi Dayiti (Cour d'Appel) pou pedofil ak vyol sou timoun.-

Yè lendi 23 novanb 2015, pou yon 4e fwa, lakou dapèl Port-au-Prince tande dosye Michael Geilenfeld, ki se yon blan meriken, yon ansyen frè legliz ki rekonèt, avwe ke li se masisi epi kap dirije yon ofelina pou ti gason nan Peyi Dayiti, yon blan ke anpil jenn ak timoun akize deske li vyole yo —nan ofelina Saint-Joseph ki twouve’l nan Delmas 91.

1- Eske yon masisi yo akize plizyè fwa pandan 25 lane pou pedofil (ki vle di abi seksyèl vyòl sou timoun) gen dwa dirije yon ofelina pou ti gason nan peyi Dayiti? 

2- Eske lajistis pa dwe kondane Geilenfeld pou sa li fè sou timoun yo, entèdi li louvri ofelina nan peyi Dayiti epi depòte li voyel ale nan peyi’l paske Ayti pagen sèvis pou jere konpòtman moun sa yo?

3- Fòk nou siyale ke gen yon ansyen reskonsab menm ofelina sa ki te konn travay ak Michael Geilenfeld ki kondane nan peyi Canada pou zak abi seksyèl sou timoun peyi Dayiti. Misye rele John Duarte.
Gade sou sit entènèt sa wap wè enfòmasyon sou arestasyon John Duarte ak relasyon li te gen ak Michael Geilenfeld andedan òfelina Saint-Joseph Delmas 91: http://reseaucitadelle.blogspot.com/2014/04/john-duarte-geilenfeld-2-religieux-dits.html


Blan meriken sa ki rekonèt ke li se masisi devan jij Al Duniel Dimanche, di li pa janm fè masisi ak timoun piti. Anpil jenn gason ki pase nan ofelina Saint-Joseph di Geilenfeld vyole yo lè yo te piti.

Michael Geilenfeld rekonèt ke depi 1990 toujou gen jenn kap leve kanpe denonse abi seksyèl yo di yo sibi andedan ofelina Saint-Joseph Delmas 91. Sa rive plis pase 7 fwa. Jenn yo kon ale nan Anbasad peyi Meriken pote plent, yo konn ale nan Bien Etre Social (IBESR), yo te ale nan TNH, epi yo eseye ale Lajistis plizyè fwa, men lajan toujou bloke yo, Direktè ofelina a ki gen gwo mwayen toujou bloke sa. Li toujou di yo: “li se pòt an fè, yo se pòt an bwa.” Lap toujou gen gwo avoka pou chache kòwonp tout moun epi pèmet li kontinye banbile nan peyi Dessalines nan explwate timoun nou yo menm jan ak tan lesklavaj.

Sa ki pi grav la, ofelina sa gen bon jan relasyon ak yon òganizasyon pedofil yo rele NAMBLA (North American Man/Boy Love Association) ki ap mande pou granmou kapab gen dwa fè bagay ak timoun. NAMBLA menm voye kòb bay ofelina Saint-Joseph. Nan lantèman Tom Reeves ki se fondatè oganizasyon NAMBLA, yo te kolekte lajan pou ofelina Saint-Joseph. 



Gade sou sit entènet sa, dènye paragraf : http://www.nambla.org/tom_reeves.html

Kidonk NAMBLA ki ap chache peyi kote bagay yo fasil pou manb li yo al fè touris seksyèl (fè bagay ak timoun gason) ap swiv prosè Kou Dapèl Port-au-Prince lan. Tout desizyon favorab ap bay yo plis dwa rantre nan peyi a, pran pòz se ofelina yap fè pou ti gason, epi lè timoun yo revòlte yap di se paske yo masisi ki fè yo akize yo di yo pedofil. Se kanpay sa Michael Geilenfeld fè. Lap pwofite de lwa an favè masisi yo ki gen dwa marye pou’l mache di tout kote : " Aysyen pa vle wè masisi, se paske li masisi ki fè yap akize’l". Alòske pagen moun ki konsène pa chwa seksyèl yon granmoun ki deside fè bagay ak granmou gason parèy li. Sa ki konsène nou, sèke tout akizasyon yo se timoun ki toujou fè yo, depi nan lane 1990 timoun nan ofelina Saint-Joseph ap revòlte kont zak vyòl ak abi seksyèl Geilenfeld fè kont yo. Se paske yo malere, paske yo pagen lajan ak konesans, se paske yap viv nan yon peyi kote yo pa bay pòv malere valè kifè yo pa janm tande vwa yo.

Prosè sa gen anpil enpòtans pou sekirite timoun nan peyi Dayiti. Desizyon ki pral soti ladan’l pral ankouraje pedofil oubyen dekouraje yo. Moun kap dirije ofelina yo pral konnen ke fòk yo pa fè nenpòt bagay ak timoun yo pou lajistis peyi Dayiti pa pouswiv yo. Reskonsab ofelina yo ap ka konprann tou ke lajan ONG pap ka anpeche lajistis kondane yo si yo koupab. Tout jij pa kòwonpi.

Nou menm nan RéseauCitadelle, nou fè devwa nou, akonpaye viktim yo kap goumen depi plis pase 25 lane, anba gwo entimidasyon, pou fè yo tande vwa yo. Nou ede yo fè tande vwa yo. De 2011 - lè nou aprann bagay dwòl sa - a jounen jodia, anpil moun tandan pale de dosye sa. Men nou paka fè tout bagay. Se lajistis peyi Dayiti ki pou deside si lap aksepte jwe ak dosye sa oubyen si lap trase yon egzanp ki ka proteje tout timoun nan peyi Dayiti. Paske nan okenn peyi serye sou latè: 1- Michael Geilenfeld patap ka reskonsab ofelina; 2- kote li rete yo tap fè tout moun konnen ki jan de moun li ye; 3- yo tap ankadre viktim yo ede yo ak tèt chaje sikolojik konsekans abi sa yo lakoz nan vi yo, yo tap konprann ke konpòtman yo jodi se konsekans sa ki te rive yo nan yon ofelina kote yo te dwe prepare yo, edike yo, ede reyisi nan lavi.

Cyrus Sibert, Cap-Haitien, Haiti 
24 novembre 2015
reseaucitadelle@yahoo.fr
@reseaucitadelle
____________________
RESEAU CITADELLE : LE COURAGE DE DIRE LAVERITE!!!
"You can fool some people sometimes, 
But you can't fool all the people all the time."
 (
Vous pouvez tromper quelques personnes, parfois, 
Mais vous ne pouvez pas tromper tout le monde tout le temps.
) dixit Abraham Lincoln.

Aucun commentaire: