jeudi 19 novembre 2015

Poukisa se sèl rezilta eleksyon pou pòs Prezidan ki lakòz manifestasyon? Senatè, Depite ak Majistra menm pati sa yo satisfè.-

Poukisa se sèl rezilta eleksyon pou pòs Prezidan ki lakòz manifestasyon?

Pagen manifestasyon pou Senatè ak Depite;
Pagen manifestasyon pou Majistra;

Alòske tout lòt moun satisfè de rezilta yo, oubyen ale nan kontestasyon daprè dekrè elektoral la, se sèl moun ki gen foli prezidan yo kap pale de fwod. 

Koman fè nan yon menm eleksyon ki te fèt jou 25 oktòb 2015 pou Prezidan, palmantè ak Majistra, se sèl kandida Prezidan yo kap pale de fwod mandatè? Tout moun konnen ke tout pati te guen mandatè. 


Koman lòt kandida ki eli anba banyè Lavalas, Kout Pitit Dessalines oubyen Lapè, Verite ak Renmen Ayiti ka satisfè de rezilta ki soti nan eleksyon 25 oktòb 2015 yo pandan kandida pou pòs prezidan menm pati sa yo ap di eleksyon yo pat bon?

Aucun commentaire: