mardi 1 décembre 2015

Depi w tande politisyen Aysyen ap pale de tranzisyon, tout moun se veye zo’w.

Depi w tande politisyen Aysyen ap pale de tranzisyon, tout moun se veye zo’w.


Yo tire sou Radio Kiskeya! 

Pandan 4 lane ak 9 mwa Martelly pase sou pouvwa, Liliane Pierre-Paul toujou fè travay jounalis li san pwoblèm. Menm lè yon moun pa dakò tout bagay li di, se dwa li pou li bay nouvèl epi di sa li panse de aktyalite a, konman li wè avni peyi Dayiti.

Jodia, pandan zòt ap fè pwomosyon latwoublay, pandan yap chache lage peyi-a nan tchouboum, chache kreye katchouboumbe, w tande Radio Zenith ap resevwa menas, yo tire sou Radio Kiskeya.

Tout moun konnen ki sektè ki konn fè bagay sa yo. Liliane ka sonje ki sektè ki te voye yon grenn bal fizi pou li nan anvlop.


Pagen anyen moun sa yo pap fè pou yo rive sou pouvwa.


Aucun commentaire: