mercredi 2 décembre 2015

‪#‎Haiti‬ : Pwopozisyon sòti de kriz !!!

Ki sa w panse de 3 pwopozisyon sa yo?

A- Kontinye pwosesis elekteral ak yon 2e tou Jovenel Moise/Jude Célestin 27 desanm 2015;

B- Kòm G8 la ap mande yon seri bagay ki pa nan dekrè elektoral la : 
1- Soti nan kad dekrè elektoral la; 

2- Refè eleksyon pou pòs Prezidan ak tout kandida yo te mete deyò epi vyole dwa yo ak desizyon lajistis ki te mande KEP a kite yo patisipe nan eleksyon yo; 
3- Pèmèt Laurent Lamothe, Jacky Lumarque ak lòt ansyen minis patisipe nan kous la; 
4- Chanje kalandrye elektoral la ki vle di chanje dat pou prezidan Martelly remèt pouvwa-a, pasasyon pouvwa tap fèt 14 me 2016, dat jou pou jou kap fè 5 lane depi Prezidan Martelly rive sou pouvwa;

C- 1) Remete Palman Aysyen sou pye 2e lendi janvye jan konstitisyon an mande sa; 
2) Enstale katèl meri ki soti nan eleksyon 25 oktòb yo.

Jude Célestin ak Politisyen tradisyonèl yo san lè mele pirèd !!!

Cyrus Sibert, Cap-Haitien, Haiti 
reseaucitadelle@yahoo.fr

@reseaucitadelle 


Aucun commentaire: