jeudi 3 décembre 2015

Me koze!!! Me Newton Saint-Juste devan lajistis Etazini pou difamasyon.-


Me Newton Saint-Juste oblije bay yon jij meriken prèv sou akizasyon trafik ilegal zam li te fè kont Mèt Salim Succar.

Jounen jodia, mond lan se yon ti vilaj. Si nan peyi Dayiti nèg kontinye ap di sa yo vle bay manti sou moun, Ozetazini difamasyon koute chè.

Se konsa Mèt Salim Succar rele devan tribinal yon seri de moun kite piblye manti sou intènèt di li te fè trafik zam ilegal. Aloske se CSPN ki gen biwo li nan Primati ki te komande zam yo pou lapolis PNH, Newton St-Juste ak Arnel Belizaire te akize Salim Succar de trafik zam ilegal.

Bagay sa rive devan yon jij Etazini ki deja kondane moun yo depi desanm 2014 epi pral fixe dedomajman an. Mèt Salim mande 2,3 milyon dola. Mèt Newton ki te toujou ap pale nan koze sa dwe degaje’l pote prèv sa li te konn ap di yo.

Misye sanlè mele ak fanmi Clinton tou ke li te akize de yon pakèt koze an Ayiti.


Devan lajistis peyi meriken pap gen ni manifestasyon, ni bay presyon. Mèt Newton ki pran pòz se yon bagay ki pi serye li pral regle Ozetazini chaje pwoblèm. Paske tout pale anpil yo sete voye monte san prèv. Si w wè misye ap swe nan aewopò konnen se bagay sa kap trakase’l.

=========








































Aucun commentaire: