lundi 21 décembre 2015

Rekonstitisyon Palman Aysyen an le 11 janvye pral mete fin a tout posibilite pou gen tranzisyon...

Politisyen tradisyonèl peyi Dayiti toujou panse yo gen lespri pase tout moun.

1- Yo tap tann 2e lendi janvye 2015 pou palman ale epi jete Prezidan Martelly. Yo echwe! Non sèlman yo pèdi gwoup 6 sena-a kite yon fòs politik nan men yo, men Martelly la pirèd.

2- Jounen jodi yo gen G8 ki di li pap ale nan eleksyon, fòk Martelly ale 7 fevrye 2016 pou yon prezidan pwovizwa ranplase’l epi òganize eleksyon. Li klè ke 2e lendi janvye ap gen yon palman. Pagen moun kap ka di kominote entènasyonal la, depite ak senatè ki sot nan eleksyon sa yo pou palman pa konstitye rete tann G8. Daprè konstitisyon amande a, li pi fasil pou prezidan nome yon premye minis. Imajine yon moman ke Prezidan Martelly mete Premye Minis yon moun li fè konfyans tankou Ann Valerie oubyen Madanm li Sofia apre 11 janvye 2016 epi 7 fevrye li kite pouvwa a, kiyès kap prezidan? Ki moun ki pral kontinye ak eleksyon yo? Li klè ke prezidan Martelly ka kontinye jiska 14 me 2016, menjan Prezidan Preval te fè.


Fòk politisyen peyi isit sispann ranse betize. Plis yap kanpe sou kòd rèd se plis yap pedi pye. Pozisyon extrèm pa alamòd ankò.

-----------------------

Aucun commentaire: