jeudi 14 janvier 2016

#HaitiElections : Strateji kòken, mèt dam, Jude Celestin????

Si rezilta eleksyon 24 janvye 2016 yo soti an favè Jude Celestin, eske w panse li pap prete sèman?

Lè nou fini wè jwèt kòken palmantè Fanmi Lavalas ak G8 yo ki prete seman tankou tout moun, eske nou ka pran nan jwèt kòken Jude Celestin an? Eske w pa wè sa sanble ak Trinidad ki te di li pap al jwe match Panama-a epi lè Ayiti rive sou teren an premye ekip li wè se Trinidad?

Pozisyon Jude la sanble yon strateji pou demobilize Patizan PHTK/NÈG BANNAN nan, yon advèsè ke li paka bat lè li mobilize. 

Si Ayiti te okipe sa Trinidad tap di nan Radyo, li patap pare, li tap chita lakay li jou match la, epi Trinidad tap kalifye sou fòfè.


Eske w ka kwè patizan Jude Celestin pap al vote 24 janvye 2016? Ki garanti w gen ke yo pap prezan bonè bonè nan biwo vòt yo? Si rezilta eleksyon 24 janvye 2016 yo soti an favè Jude Celestin, eske w panse li pap prete sèman? Sonje Jude Celestin pa janm ekri KEP a di li kite Eleksyon an.


Aucun commentaire: