samedi 9 janvier 2016

Yon trak difamasyon sou non Cyrus Sibert ak Stanley Lucas.-

Cyrus Sibert ak Stanley Lucas pa tap janm ekri “Son Exellence le Dr Jean Bertrand Aristide” nan yon tex. Sa se Lavalas kap fwape epi tou ki demontre koman Cyrus ak Stanley bay yo anpil pwoblèm. Sa montre koman yo sible 2 sitwaye sa yo.

Se lachte pou yon moun itilize non Cyrus Sibert ak Stanley Lucas pou atake Premye Minis Evans Paul, K-PLIM. Menm lè anpil fwa 2 patnè politik sa yo gen menm pozisyon, Cyrus Sibert ak Stanley Lucas pa janm konn ekri atik ansanb.
Lè Cyrus Sibert ap afiche yon pozisyon, li piblye’l sou page Facebook li : https://www.facebook.com/reseaucitadelle sou twitter : @reseaucitadelle ak @CyrusSibert oubyen sou blog li: www.reseaucitadelle.blogspot.com
Yon moun dwe gen kouraj pou afiche yon pozisyon epi defann li.

Sispann kache dèyè moun ki kredib. Dayè ak Palman kap rantre lendi 11 janvye a, li pa itil pou atake K-PLIM ki legalman tounen yon Premye Minis demisyonè. 




____________________
RESEAU CITADELLE : LE COURAGE DE DIRE LAVERITE!!!
"You can fool some people sometimes, 
 
But you can't fool all the people all the time."
 
 (
 
Vous pouvez tromper quelques personnes, parfois, 
 
Mais vous ne pouvez pas tromper tout le monde tout le temps.
 
) dixit Abraham Lincoln.

Aucun commentaire: