mercredi 23 mars 2016

Se awogans pou Fritz Jean debake nan palman ak sèlman sipò InitiativeCitoyenne/Lavalas/Pitit-Dessalines ki pa gen depite.-

Sa ki rive Fritz Jean kite gen pozisyon anti-Martelly se konsekans politik tout pozisyon radikal andedan yon sistèm demokratik. Koman yon nèg ki pran lari an septanm 2012  pou rele ABA Martelly — mwens pase yon lane aprè TET KALE vrèman gen kontwòl pouvwa-a — kapab tann pou palmantè PHTK ak alye li yo vote li? Si sa te rive konnen sepa politik kap fèt nan palman an. Se yon konpòtman awogan pou Fritz Jean debake nan palman ak sèlman sipò InitiativeCitoyenne/Lavalas/Pitit-Dessalines ki pagen okenn palmantè pou sipòte li.

Aucun commentaire: