mercredi 22 juin 2016

Cyrus Sibert te toujou di Lavalas pa chanje. Vyolans ki komanse devan palman pral kontinye.-

Si gen yon moun ki pa sezi pou vyolans Lavalas sou palman jou 21 jen, li rele CYRUS SIBERT. Nou te toujou di Lavalas pa chanje. Lavalas pa demokrat li pa gen okenn lòt teyori pouvwa ke vyolans. Evènman sa yo enpòtan paske yo demontre vrè vizaj yon seri lidè ak jounalis. Makout ak Lavalas se diktati, vyolans politik, parazit leta, kòripsyon ak demagoji “noiriste”. Moun kap aplodi jodi mèt tann tou pa yo. Jean Dominique te kontan lè Lavalas tap boule makout, Kolonèl Jean Lamy te gwo konseye Aristide.

Aucun commentaire: