vendredi 17 juin 2016

#JocelermePrivert n’inspire plus confiance!

Koman ansyen Prezidan Asanble Nasyonal la, fè trouve’l nan gwo konfli ak palmantè ki te vote’l yo, mwens pase 4 mwa apre? Repons : Prezidan Privert rantre nan  politik kòken, bay manti, fè presyon, pran pòz li ka twonpe tout moun. Sa fè li pedi tout konfyans yo te fè’l. Jiskaske jodia li pè vòt menm Asanble kite mete’l prezidan. Eske yon lidè yo pa fè konfyans ka òganize eleksyon? NON! Eleksyon fèt sou baz konfyans. Se pou rezon sa Jude Célestin pat ale nan 2e tou. Misyon Privert se òganize kou deta elektoral pou Maryse Narcisse Prezidan epi fè 10 monkonpè Senatè li yo retounen nan Sena. Si palmantè te vote Privert ak tout li pat soti nan menm pati ak yo, jodia se Privert pou  nou mande pouki lap jwe jwèt trayizon.


Aucun commentaire: