mercredi 7 septembre 2016

Jovenel Moise de plus en plus populaire, de plus en plus fort.-

Anpil kandida ki tap sipòte Privert ak gouvènman de facto li a gen gwo difikilte nan eleksyon kap vini la. Wiken pase Senatè Jean-Baptiste Bien-Aimé viv yon sityasyon difisil nan Nòdès. Nan Nò Senatè Policarpe ensiyifyan. Pèp la pa kwè nan pwomès yo. NÈG BANNANN nan  tounen yon fenomèn. Jude Célestin telman ap pedi teren, Kelly Bastien blije switch kouri kite’l al jwenn Moise. Erè, paske Moise Jean-Charles ap degonfle tankou yon balon ki pran flit minè. Kontrèman a sa nèg yo te panse pouvwa tranzisyon an gen revè. Li alyene baz yo ak mas pèp la. Se ak anpil dezespwa yap gade tsunami popilè Jovenel la kap vini. Yo paka fè bak. Se rete rèd pou pran bwa 9 oktòb. Anpil poutchis 7 fevrye 2016 komanse sispann awogans. Avni yo pral depann de Jovenel Moise, NEG BANNANN nan. Abolotcho kite gentan chanje kan mande tounen. 


Aucun commentaire: